11
Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè Job 41:4yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.”
Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.”
I Sam 8:4Ansyen nan Jabès yo te di a li: “Bay nou sèt jou, pou nou kapab voye mesaje yo toupatou nan teritwa Israël la. Alò, si nanpwen moun pou delivre nou, nou va sòti deyò kote ou.” Alò mesaje yo te vini I Sam 10:26 Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.
Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an I Wa 19:19dèyè bèf kabwèt yo. Li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo. Konsa Jij 3:10Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil. Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te Jij 19:29koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan teritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun. Li te konte yo nan Bézek e Jij 20:2fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil. Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabés-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’ ” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabés yo; epi yo te kontan. 10 Alò, mesye a Jabés yo te di: I Sam 11:3“Demen nou va parèt vè nou e nou va kapab fè avèk nou sa ki sanble bon pou nou menm.” 11 Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la Jij 7:16-20an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm.
12 Alò, pèp la te di a Samuel: I Sam 10:27“Se kilès ki te di nou: ‘Èske Saül va renye sou nou?’ Luc 19:27 Mennen mesye yo pou nou kab mete yo a lanmò.”
13 Men Saül te di: “Nanpwen yon moun k ap mete a lanmò nan jou sa a; paske Egz 14:13-30jodi a, SENYÈ a te acheve delivrans Israël la.”
14 Alò, Samuel te di a pèp la: “Vini, annou ale Guilgal pou I Sam 10:25renouvle wayòm nan la.” 15 Epi tout moun te monte Guilgal e la, yo te fè Saül Wa I Sam 10:17devan SENYÈ a nan Guilgal. La osi, yo te I Sam 10:8ofri sakrifis lapè devan SENYÈ a. Epi la Saül avèk tout mesye Israël yo te rejwi anpil.

11:1 Job 41:4

11:3 I Sam 8:4

11:4 I Sam 10:26

11:5 I Wa 19:19

11:6 Jij 3:10

11:7 Jij 19:29

11:8 Jij 20:2

11:10 I Sam 11:3

11:11 Jij 7:16-20

11:12 I Sam 10:27

11:12 Luc 19:27

11:13 Egz 14:13-30

11:14 I Sam 10:25

11:15 I Sam 10:17

11:15 I Sam 10:8