14
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: “Di fis Israël yo pou yo vire fè bak, e fè kan devan Nonb 33:7Pi-Hahiroth antre Jr 44:1Migdol ak lanmè a. Nou va fè kan devan Baal-Tsephon, anfas li, bò kote lanmè a. Paske Farawon va di de fis Israël yo: ‘Y ap mache byen egare nan peyi a; dezè a gen tan fèmen yo ladann.’ Konsa Mwen va andisi kè Farawon e Egz 14:23li va kouri dèyè yo. Epi Mwen va onore pa Farawon avèk tout lame li a, e Egz 7:5Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Se konsa yo te fè.
Lè wa Égypte la te avèti ke pèp la te sove ale, Farawon avèk sèvitè li yo te vin gen yon chanjman kè anvè pèp la. Yo te di: “Kisa sa ye nou fin fè la a, ke nou kite Israël ale pou kite sèvis nou yo?” Alò, li te prepare cha li, e te pran pèp li a avèk li. Epi li te pran sis-san cha byen chwazi, ansanm ak tout lòt cha an Égypte yo avèk gwo chèf sou yo tout.
Egz 14:4 SENYÈ a te andisi kè Farawon, wa Égypte la, e li te kouri dèyè fis Israël yo. Paske se ak gwo kouraj ke Israël te soti. Konsa, Ejipsyen yo te kouri dèyè yo avèk tout cheval yo ak cha Farawon yo, chevalye li yo, avèk lame li, e yo te vin parèt sou yo kanpe bò kote lanmè a, Egz 14:2 akote Pi-Hihroth, anfas Baal-Tsephon.
10 Pandan Farawon t ap pwoche, fis Israël yo te gade, e vwala, Ejipsyen yo t ap mache dèyè yo. Jos 24:7 Yo te vin pè anpil, epi fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a. 11 Alò Egz 5:21 yo te di a Moïse: “Èske se paske pa gen tonm an Égypte ke ou mennen nou pati pou mouri nan dezè a? Poukisa ou te aji avèk nou konsa, pou fè nou sòti an Égypte? 12 Èske se pa pawòl ke nou te pale ou an Égypte la lè nou te di: ‘Pa deranje nou pou nou ka sèvi Ejipsyen yo?’ Paske li t ap pi bon pou nou pou sèvi Ejipsyen yo pase pou nou ta mouri nan dezè a.”
13 Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè Egz 14:30 delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè. 14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan És 30:15 nou rete an silans.”
15 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Poukisa w ap kriye ban Mwen konsa? Di pèp la avanse. 16 Epi pou ou menm, leve Egz 4:17,20 baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. 17 Pou Mwen, gade byen, Egz 14:4,8 Mwen va fè kè Ejipsyen yo di pou yo kouri antre dèyè yo. Konsa, Mwen va jwenn onè sou Farawon an avèk tout lame li ak cha li yo avèk kavalye li yo. 18  Egz 14:25 Alò, Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen vin onore pa Farawon, pa cha li yo, ak kavalye li yo.”
19  Egz 13:21,22 Zanj Bondye a ki t ap prale devan kan Israël la te vin deplase e te kanpe dèyè yo; epi pilye nwaj la te deplase kite devan yo, pou te kanpe dèyè yo. 20 Alò li te vin divize kan Égypte la ak kan Israël la. Te gen nwaj la ansanm avèk tenèb la, men li te bay limyè nan nwit lan. Konsa youn pa t pwoche lòt pandan tout nwit lan.
21 Alò Moïse te lonje men l sou lanmè a; epi SENYÈ a te bale lanmè a pa yon van lès byen fò tout lannwit. Li te fè lanmè a vin tounen tè sèch, e Egz 15:8dlo a te vin fann. 22 Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e Egz 14:29 dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo.
23 Alò, Egz 14:4,17Ejipsyen yo te vin kouri dèyè yo, e tout cheval Farawon, avèk cha li yo, avèk kavalye li yo te antre kouri dèyè yo nan mitan lanmè a.
24 A la vèy nan maten, Egz 13:21 SENYÈ a te gade anba sou lame Ejipsyen yo, sou pilye a dife avèk nwaj yo, e Li te mennen lame Ejipsyen an nan yon gwo konfizyon. 25 Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske Egz 14:4,14,18 SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.”
26 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “ Egz 14:16 Lonje men ou sou lanmè a pou dlo a kab retounen vin sou Ejipsyen yo, sou cha yo, ak sou kavalye yo.”
27 Alò, Moise te lonje men li sou lanmè a, e Jos 4:18 lanmè a te retounen nan eta nòmal li nan granmmaten, pandan Ejipsyen yo t ap sove ale tou kontra li. Konsa, SENYÈ a te boulvèse Ejipsyen yo nan mitan lanmè a. 28 Dlo a te retounen e te kouvri cha yo avèk kavalye yo, e menm tout lame Farawon Sòm 78:53 ki te antre nan lanmè a dèyè yo. Pa t menm gen youn nan yo ki te rete.
29 Men fis Israël yo te mache sou tè Egz 14:22 sèch pase nan mitan lanmè a, e dlo a te vin tankou yon mi pou yo ni sou men dwat yo ni sou men goch yo. 30 Konsa, SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a nan men a Ejipsyen yo, e Israël te Sòm 58:10 wè Ejipsyen yo ki te mouri sou bò lanmè a.
31 Lè Israël te wè gran pwisans ke SENYÈ a te sèvi kont Ejipsyen yo, tout Pèp la te krent SENYÈ a, e Sòm 106:12 yo te kwè nan SENYÈ a ak sèvitè li a, Moïse.

14:2 Nonb 33:7

14:2 Jr 44:1

14:4 Egz 14:23

14:4 Egz 7:5

14:8 Egz 14:4

14:9 Egz 14:2

14:10 Jos 24:7

14:11 Egz 5:21

14:13 Egz 14:30

14:14 És 30:15

14:16 Egz 4:17,20

14:17 Egz 14:4,8

14:18 Egz 14:25

14:19 Egz 13:21,22

14:21 Egz 15:8

14:22 Egz 14:29

14:23 Egz 14:4,17

14:24 Egz 13:21

14:25 Egz 14:4,14,18

14:26 Egz 14:16

14:27 Jos 4:18

14:28 Sòm 78:53

14:29 Egz 14:22

14:30 Sòm 58:10

14:31 Sòm 106:12