5
Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, Egz 4:23 ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’ ”
Men Farawon te di: “ II Wa 18:35Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, Egz 3:19mwen p ap kite Israël ale.”
Yo te di: “ Egz 3:18 Bondye a Ebre yo te reyini avèk nou. Souple, kite nou ale fè yon vwayaj twa jou nan dezè a pou nou kapab fè yon sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an; otreman, Li va vin tonbe sou nou ak gwo maladi, oubyen nepe.”
Men wa a Égypte la te di yo: “Moïse avèk Aaron, poukisa nou ap rale pèp la kite travay li? Ale retounen nan Egz 1:11 travay nou.”
Ankò Farawon te di: “Gade, Egz 1:7,9 pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!”
Alò menm jou a, Farawon te kòmande Egz 1:1 chèf kòve ki te sou pèp la avèk fòmann pa yo. Li te di yo: “Nou p ap bay pèp la pay ankò pou fè brik jan nou te konn fè a. Kite yo ale ranmase pay pou kont yo. “Menm fòs brik yo te konn fè avan an, fòk nou egzije yo fè l. Nou pa pou redwi li menm. Paske yo se Egz 5:17 parese! Se pou sa y ap kriye a: ‘Kite nou ale fè sakrifis a Bondye nou an.’ Kite travay la vin pi lou pou mesye yo. Kite yo travay pou yo pa swiv fo pawòl sa yo ankò.”
10 Konsa, Egz 1:11 chèf kòve a pèp yo avèk fòmann pa yo te ale deyò pou te pale avèk pèp la. Li te di: “Konsa pale Farawon: ‘Mwen p ap bannou okenn pay. 11 Nou menm, ale chache pay nou pou kont nou nenpòt kote nou kab jwenn nan, men pou fòs travay nou oblije fè a, li p ap redwi.’ ”
12 Konsa, pèp la te gaye nan tout peyi Égypte la pou ranmase tij sereyal pou sèvi kòm pay. 13 Chèf Kòve yo te peze yo rèd. Yo te di: “Konplete menm fòs travay jounen ke nou te bannou an, menm jan ke lè nou te gen pay la.” 14 Anplis de sa, fòmann yo, fis Israël yo, ke chèf kòve Farawon yo te mete sou yo a, És 10:24 te pran kou. Konsa yo te mande yo: “Poukisa nou pa t konplete sa ke nou te gen pou fè a, ni ayè, ni jodi a nan fè brik yo menm jan tankou avan an?”
15 Epi fòmann sou fis Israël yo te vin kriye devan Farawon. Yo te di: “Poukisa ou aji konsa avèk sèvitè ou yo? 16 Yo pa bay pay a sèvitè yo, men yo kontinye di nou: ‘fè brik!’ E gade byen, sèvitè ou yo pran kou, men se fot pwòp pèp pa w la.”
17 Men li te di: “Nou se parese! Nou pa travay menm! Se pou sa nou di: ‘Kite nou ale fè sakrifis a SENYÈ a.’ 18 Alò koulye a, al travay! Paske nou p ap resevwa pay, men fòk nou konplete fòs kantite brik ke nou gen pou fè yo.”
19 Fòmann nan fis Israël yo te wè ke yo te gen gwo pwoblèm, paske li te di yo: “Nou pa pou redwi fòs kantite brik pa jou yo.”
20 Lè yo te kite prezans Farawon, yo te rankontre Moïse avèk Aaron paske yo t ap tann yo. 21 Yo te di yo: “ Jen 16:5Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te Jen 34:30fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.”
22 Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “ Nonb 11:11 O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an? 23 Depi mwen te vin kote Farawon pou pale nan non Ou a, li te fè mechanste a pèp sila a. Egz 3:8 Ni Ou pa t delivre pèp Ou a ditou.”

5:1 Egz 4:23

5:2 II Wa 18:35

5:2 Egz 3:19

5:3 Egz 3:18

5:4 Egz 1:11

5:5 Egz 1:7,9

5:6 Egz 1:1

5:8 Egz 5:17

5:10 Egz 1:11

5:14 És 10:24

5:21 Jen 16:5

5:21 Jen 34:30

5:22 Nonb 11:11

5:23 Egz 3:8