34
Alò, Jen 30:21Dina, fi Léa te fè pou Jacob la te sòti pou vizite fi peyi yo nan kote sa a. Lè Sichem, fis Hamor a, Jen 34:30Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li. Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la. Li te renmen fi a, e li te pale ak dousè avè l. Alò, Sichem te Jij 14:2pale avèk papa l Hamor. Li te di: “Fè m jwenn jèn fi sa a pou madanm.”
Alò, Jacob te tande ke li te vyole Dina, fi li a, men fis li yo te avèk bèt yo nan chan an. Alò, li te rete san pale jis lè yo te vin antre.
Hamor, papa a Sichem, te vin deyò a pou pale avèk li. Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a. Konsa, mesye yo te blese. Yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz Det 22:20-30meprizab an Israël lè li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt.
Men Hamor te pale avèk yo. Li te di: “Nanm fis mwen an, Sichem anvi fi ou a anpil. Pou sa, silvouplè, ba li li pou yo marye. Annou marye yo youn pou lòt. Bay fi ou yo a nou menm, e pran fi nou yo pou ou menm. 10 Konsa, ou va viv avèk nou, e Jen 13:9peyi a va vin ouvri devan nou. Viv ladann, e fè afè nou yo ladann.”
11 Sichem te di osi a papa ak frè a Dina, “Kite mwen twouve favè nan zye nou. Konsa, mwen va bannou nenpòt sa ke nou mande m. 12 Mande m tan kòm pèyman avèk kado, e mwen va bannou nenpòt sa nou mande mwen, men ban mwen fi a pou marye.”
13 Konsa, fis Jacob yo te reponn Sichem avèk papa li Hamor avèk desepsyon, akoz ke li te vyole Dina, sè yo a. 14 Yo te di yo: “Nou pa kapab fè bagay sa a, pou bay sè nou an a yon moun ki Jen 17:4pa sikonsi. Sa ta yon wont pou nou tout. 15 Sou yon sèl kondisyon nou ta kapab dakò: si nou va vini tankou nou. Sa vle di ke chak mal nan nou ta vin sikonsi. 16 Konsa, nou va bay sè nou yo a nou menm, nou va viv avèk nou e vin yon sèl pèp. 17 Men si nou pa koute nou pou vin sikonsi, alò, n ap pran sè nou an e ale.”
18 Alò, pawòl pa yo a te parèt rezonab a Hamor avèk Sichem, fis Hamor a. 19 Jennonm sa a pa t pèdi tan pou fè bagay la, paske li te tèlman kontan avèk fi Jacob la. Epi li te jwenn respe depase tout moun ki lakay papa li a. 20 Konsa, Hamor, avèk fis li a, Sichem te vini nan Rt 4:1pòtay vil yo, li te pale avèk mesye nan vil yo, e li te di: 21 “Moun sa yo se zanmi nou yo ye; pou sa, annou kite yo viv nan peyi a pou fè komès ladann, paske, gade byen, peyi a ase gran pou yo. Annou pran fi yo an maryaj, e bay fi nou yo a yo menm.
22 “Se sèl sou kondisyon sa a ke moun sa yo va vin dakò pou vin viv avèk nou, pou vin yon sèl pèp; ke chak mal pami nou vin sikonsi tankou yo menm tou deja sikonsi a. 23 Se pa ke bèt, byen ak tout zannimo yo va vin pou nou? Sèlman annou vin dakò avèk yo, e yo va viv avèk nou.”
24 Tout sa yo ki te sòti nan pòtay lavil la te koute Hamor, avèk fis li a, Sichem. Konsa, chak mal te sikonsi, tout moun ki te sòti nan pòtay vil la.
25 Alò, li te rive nan twazyèm jou a, lè yo te nan doulè, de nan fis a Jacob yo, Jen 49:5-7Siméon avèk Lévi, frè a Dina yo, yo chak te pran nepe yo. Yo te vini sou vil la san yo pa konnen, e yo te touye tout mal yo. 26 Yo te touye Hamor avèk fis li a, Sichem, avèk lam file a nepe yo. Yo te pran Dina soti lakay Sichem nan, e yo te ale. 27 Fis Jacob yo te vini sou mò yo. Yo te piyaje vil la akoz ke yo te vyole sè yo a. 28 Yo te pran bann mouton, twoupo ak bourik, sa ki te nan vil la, ak sa ki te nan chan an. 29 Epi yo te kaptire e piyaje tout byen yo, tout pitit yo, madanm yo, menm tout sa ki te lakay yo.
30 Alò Jacob te di a Siméon avèk Lévi: “Nou vin Jos 7:25pote pwoblèm pou mwen akoz ke nou Egz 5:21fè m vin rayi pa abitan peyi yo, pami Kananeyen avèk Ferezyen yo. Epi akoz ke gason nou yo pa anpil, yo va rasanble kont mwen, pou atake mwen, e mwen va vin detwi, mwen menm avèk tout lakay mwen.”
31 Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?”

34:1 Jen 30:21

34:2 Jen 34:30

34:4 Jij 14:2

34:7 Det 22:20-30

34:10 Jen 13:9

34:14 Jen 17:4

34:20 Rt 4:1

34:25 Jen 49:5-7

34:30 Jos 7:25

34:30 Egz 5:21