22
Egz 23:4-5“Nou pa pou wè bèf a vwazen parèy nou, oswa mouton k ap pati, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va mennen yo retounen bay vwazen parèy nou an. Si vwazen nou an pa pre nou, oswa nou pa konnen li, alò, nou va mennen li lakay nou, e li va rete la jiskaske vwazen nou vin chache li, pou nou remèt li a li menm. Konsa, nou va fè avèk bourik li. Nou va fè menm jan an avèk manto li. Nou va fè menm jan an avèk nenpòt bagay ke li pèdi lè nou twouve l. Ou pa gen dwa neglije bagay sa yo.
“Nou pa pou wè bourik, ni bèf a vwazen nou ki tonbe nan chemen, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va ede li leve yo.
“Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.
“Si nou vin jwenn yon nich zwazo akote chemen an, nan nenpòt pyebwa oswa atè, avèk ti jèn zwazo yo oswa ze yo, epi manman an chita sou ti zwazo oswa sou ze yo, Lev 22:28nou pa kapab pran manman an ansanm avèk ti jèn zwazo yo. Nou va, anverite, kite manman an sòti lib. Men jèn ti zwazo yo, nou kapab pran yo pou nou menm, Det 4:40 pou sa kapab byen pou nou e pou nou kapab viv pandan anpil jou.
“Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure teras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.
Lev 19:19“Nou pa pou plante chan rezen an avèk de kalite semans; oswa, tout pwodwi ki sòti nan sa nou plante a, ak pwodwi chan rezen an, va vin gate.
10  II Kor 6:14“Nou pa pou raboure avèk yon bèf ak yon bourik ansanm.
11  Lev 19:19“Nou pa pou mete twal ki mele len avèk twal fen tankou koton ansanm. 12  Nonb 15:37-41Nou va fè ponpon nan kat kwen vètman ki kouvri nou yo.
13 “Si yon nonm pran yon madanm pou ale sou kabann avèk li, epi pita li vin vire kont li 14 pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’ 15 alò, papa avèk manman fi a va pran li e prezante temwayaj prèv ke li te vyèj bay ansyen lavil yo devan pòtay la. 16 Papa a fi a va di a ansyen yo: ‘Mwen te bay pitit mwen a mesye sila a kòm madanm, men li te vire kont li. 17 Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la. 18 Konsa, Egz 18:21ansyen yo va pran nonm nan pou ba li chatiman. 19 Konsa, yo va fè l peye san sik an ajan, pou bay a papa fi a, akoz li te fè difamasyon piblikman sou yon fi an Israël. Epi konsa, li va rete toujou kòm madanm li. Li p ap ka divòse ak li pandan tout jou li yo.
20 “Men si Det 17:4akizasyon sa a vrè, ke fi a pa t vyèj, 21 alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te Jen 34:7komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Det 13:5Konsa, nou va retire mal la pami nou.
22  Lev 20:10“Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.
23  Lev 19:20-22“Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li, 24 alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
25 “Men si se nan chan deyò ke mesye a vin jwenn fi ki fiyanse a; epi mesye a fòse li kouche avèk li; alò, sèlman mesye ki kouche avèk li a, va mouri. 26 Men nou p ap fè fi a anyen. Nanpwen peche nan fi a ki merite lanmò; paske menm jan ke yon nonm leve kont vwazen li pou touye li a, se konsa ka sa a ye. 27 Lè li te twouve li nan chan an, fi fiyanse a te kriye fò, men li pa t gen pèsòn la pou sove l.
28  Egz 22:16“Si yon nonm twouve yon fi ki vyèj, ki pa fiyanse, epi sezi li pou kouche avèk li, e li vin dekouvri , 29 alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo. 30  Lev 18:8Yon gason pa pou pran madanm a papa li. Li pa pou dekouvri jip papa l.

22:1 Egz 23:4-5

22:6 Lev 22:28

22:7 Det 4:40

22:9 Lev 19:19

22:10 II Kor 6:14

22:11 Lev 19:19

22:12 Nonb 15:37-41

22:18 Egz 18:21

22:20 Det 17:4

22:21 Jen 34:7

22:21 Det 13:5

22:22 Lev 20:10

22:23 Lev 19:20-22

22:28 Egz 22:16

22:30 Lev 18:8