6
 1 Epi nan ✡I Kor 3:9travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.   2 Paske Li di:  
✡És 49:8“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,  
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.  
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.   3 Konsa,✡I Kor 8:9,13Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li.   4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nan✡Trav 9:16anpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès   5 nan ✡Trav 16:23pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi ✡I Kor 4:11nan grangou   6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan ✡I Kor 2:4Lespri Sen an, nan vre lanmou an   7 nan pawòl verite a, nan ✡I Kor 2:5pwisans Bondye a; ak ✡II Kor 10:4zam ladwati pou men dwat ak men goch yo,   8 pa laglwa ak ✡I Kwo 4:10wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a;   9 kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen ✡II Kor 1:8,10vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò,   10 kòm ✡Jn 16:22plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm ✡II Kor 8:9pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.   
 11 ✡Éz 33:22Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj.   12 Nou pa anpeche nou, men ✡II Kor 7:2ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w.   13 Koulye a, ✡I Kor 4:14nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.   
 14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ✡Ef 5:7-11ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?   15 Oubyen ki ✡I Kor 10:21amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan?   16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: ✡Egz 29:45“Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”   17 ✡És 52:11Konsa,  
“ ‘Soti nan mitan yo,  
e separe de yo’, di Senyè a.  
‘Pa touche sa ki enpi.  
Mwen va akeyi nou.   
 18 ✡II Sam 7:14Mwen va yon Papa pou nou,  
e nou va fis ak fi pou Mwen,’  
di Senyè Tou Pwisan an.”