2
1 Epi lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen ✡ I Kor 1:17pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj a Bondye a. 2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof ✡ I Kor 1:23Jésus Kri, e Sila krisifye a. 3 Mwen te avèk nou nan ✡ I Kor 4:10feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen ✡ I Kor 1:17pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.✡ II Kor 4:7
6 Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen ✡ Ef 4:13matirite yo; alò yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase. 7 Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te ✡ Wo 8:29planifye menm avan tan yo pou laglwa nou; 8 Sajès ✡ I Kor 2:6ke okenn nan chèf a ✡ I Kor 1:20tan sila yo pa konprann; paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a. 9 Men jan sa ekri a:
✡ És 64:4“Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande, epi
ki pa janm antre nan kè a lòm;
tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
10 Paske a nou menm Bondye te revele yo ✡ Jn 14:26pa Lespri a; paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan ✡ Wo 11:33pwofondè Bondye a. 11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte ✡ Pwov 20:27lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 12 Alò, nou ✡ Wo 8:15pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou ki bagay nou pale osi ✡ I Kor 1:17pa ak pawòl sajès a moun, men ak pawòl Lespri Sen an, ki dirije refleksyon lespri nou ak pawòl lespri nou. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, ✡ Jn 14:17pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo; paske ✡ I Kor 1:18se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman ak yon lespri k ap viv nan Bondye. 15 Men sila ki ✡ I Kor 3:1reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun. 16 “Paske ✡ És 40:3kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.