4
Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e Tit 1:7jeran a mistè ki pou Kris yo.
Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl. Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen. Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a. Pou sa Wo 2:1pa kontinye jije avan lè, men tann Wo 2:16jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa I Kor 1:12vin ògeye anvè youn e kont yon lòt. Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Jn 3:27Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.
Nou Rev 3:17deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou. Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki Wo 8:36kondane a lanmò, paske nou te Eb 10:33gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun. 10 Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men I Kor 3:18ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè. 11 Jiska moman sa a Wo 8:35nou grangou ak swaf, mal abiye, maltrete, e san kote pou nou rete. 12 Konsa, nou redi di nan Trav 18:3travay avèk pwòp men nou. I Pi 3:13Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa. 13 Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni Lam 3:34tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.
14 Mwen pa ekri bagay sa yo pou I Kor 6:5fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen. 15 Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen Nonb 11:12te devni papa nou akoz bòn nouvèl la. 16 Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin I Kor 11:1imitatè a mwen menm. 17 Se pou rezon sa a, mwen I Kor 16:10voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo. 18 Alò, kèk nan nou vin I Kor 4:6awogan, kòmsi mwen pa t ap vin kote nou. 19 Men mwen Trav 20:2va vini kote nou byento Trav 18:21si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo. 20 Paske wayòm Bondye a I Kor 2:4pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans. 21 Kisa nou dezire? II Kor 1:23Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?

4:1 Tit 1:7

4:5 Wo 2:1

4:5 Wo 2:16

4:6 I Kor 1:12

4:7 Jn 3:27

4:8 Rev 3:17

4:9 Wo 8:36

4:9 Eb 10:33

4:10 I Kor 3:18

4:11 Wo 8:35

4:12 Trav 18:3

4:12 I Pi 3:13

4:13 Lam 3:34

4:14 I Kor 6:5

4:15 Nonb 11:12

4:16 I Kor 11:1

4:17 I Kor 16:10

4:18 I Kor 4:6

4:19 Trav 20:2

4:19 Trav 18:21

4:20 I Kor 2:4

4:21 II Kor 1:23