16
Koulye a konsènan Trav 24:17ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn II Kor 9:4ofrann pa fèt lè m vini. Konsa, lè m rive II Kor 3:1nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.
Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske Trav 19:21m ap pase Macédoine. Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab Trav 15:3voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale. Paske mwen pa vle wè nou koulye a II Kor 1:15sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle. Men mwen va rete Trav 18:19Éphèse jiska fèt pannkot la; Paske yon Trav 14:27pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
10 Alò, si I Kor 4:17Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè I Kor 15:58travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la. 11 Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li Trav 15:33anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.
12 Men konsènan Trav 18:24Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite. 13  Mat 24:42Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt I Kor 14:1ak lanmou.
15 Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen I Kor 1:16lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou Wo 15:31ministè a sen yo). 16 Pou I Tes 5:12nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la. 17 Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi II Kor 11:9sa ki te manke nan pati a nou menm. 18 Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk Fil 2:29se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.
19 Legliz Asie yo salye nou. Trav 18:2Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk Wo 16:5legliz ki lakay yo a. 20 Tout frè yo salye nou. Wo 16:16Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.
21 Salitasyon de Wo 16:22pwòp men pa m——Paul. 22 Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Fil 4:5Vin non, Senyè nou an! 23  Wo 16:20Ke gras Senyè a Jésus avèk nou. 24 Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.

16:1 Trav 24:17

16:2 II Kor 9:4

16:3 II Kor 3:1

16:5 Trav 19:21

16:6 Trav 15:3

16:7 II Kor 1:15

16:8 Trav 18:19

16:9 Trav 14:27

16:10 I Kor 4:17

16:10 I Kor 15:58

16:11 Trav 15:33

16:12 Trav 18:24

16:13 Mat 24:42

16:14 I Kor 14:1

16:15 I Kor 1:16

16:15 Wo 15:31

16:16 I Tes 5:12

16:17 II Kor 11:9

16:18 Fil 2:29

16:19 Trav 18:2

16:19 Wo 16:5

16:20 Wo 16:16

16:21 Wo 16:22

16:22 Fil 4:5

16:23 Wo 16:20