9
1 Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou ✡ II Kor 8:4ministè sa a pou sen yo; 2 Paske mwen konnen volonte nou, pou sa mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi ✡ II Kor 8:10ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo. 3 Men mwen te voye frè yo, pouke ✡ II Kor 7:4konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke ✡ I Kwo 16:2jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare. 4 Sof ke si li pa t fèt nenpòt nan ✡ Wo 15:26Masedonyen yo ta parèt avè m, e touve nou pa prepare, ke nou (ak ou menm tou) ta soufri wont akoz mank konfyans sa a. 5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans ✡ Jen 33:11kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la; jis pou menm kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi pou bagay nou.
6 Koulye a, mwen di sa, ke ✡ Pwov 11:24sila a ki simen tikal va rekòlte tikal; e sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l; pa avèk ✡ Det 15:10regrè oubyen anba presyon; paske ✡ Egz 25:2Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a: ✡ Sòm 112:9“Li te gaye toupatou; Li te bay a malere yo; ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans a sila ki simen an avèk pen pou manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt a ladwati nou an; 11 Nou va ✡ I Kor 1:5anrichi nan tout bagay pou tout jenewozite, ki atravè nou ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis sa a se pa sèlman pou byen founi ✡ II Kor 8:14bezwen a sen yo, men va osi pou debòde ✡ II Kor 1:11atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ✡ Wo 15:31ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou ✡ Wo 5:15don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.