11
Yon Lev 19:35-36fo balans se abominasyon a SENYÈ a;
men yon pwa ki jis se plezi Li.
Pwov 16:18ògèy vin monte, dezonè vin swiv;
men avèk moun enb lan, se sajès.
Entegrite a moun dwat la va gide yo;
men Pwov 19:3 koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.
Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;
men Jen 7:1 ladwati va delivre moun soti nan lanmò.
Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa;
men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.
Ladwati a moun dwat yo va delivre yo;
men moun trèt yo Sòm 7:15-16va kenbe pa pwòp vorasite yo.
Lè yon nonm mechan mouri,
Pwov 10:28sa li anvizaje a mouri avè l.
Moun dwat la va delivre soti nan twoub;
men mechan an va pran plas li.
Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;
men ak konesans, moun dwat yo va delivre.
10 Lè sa Pwov 28:12ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans;
e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.
11 Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo;
men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.
12 Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;
men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.
13 Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;
men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.
14 Kote ki pa gen Pwov 15:22gid, moun yo tonbe;
men ak anpil konseye, gen viktwa.
15 Sila ki se Pwov 6:1garanti pou yon moun li pa konnen,
va vrèman soufri pou sa a;
men sila ki rayi vin yon garanti va asire.
16 Yon Pwov 31:28-30fanm ak gras twouve onè;
e mesye san prensip yo twouve richès.
17 Yon nonm ki fè Mat 5:7gras fè byen pou pwòp tèt li;
men yon nonm mechan fè tèt li mal.
18 Mechan an ranmase salè li nan koken;
men sila ki Os 10:12simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.
19 Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi,
e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.
20 Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;
men sila ki san tò nan chemen yo, se I Kwo 29:17plezi Li.
21 Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon;
men desandan a moun dwat yo va delivre.
22 Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon,
se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.
23 Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon;
men Pwov 10:28dezi a mechan an mennen jijman.
24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.
Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
25 Sila Pwov 3:9-10ki bay ak bon kè a va pwospere;
sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
26 Sila ki refize bay manje sereyal la, Pwov 24:24va modi pa pèp la;
men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.
27 Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye;
men Est 7:10sila ki chache mal la,
se mal la k ap vin jwenn li.
28 Sila ki Sòm 49:6mete konfyans nan richès li va vin tonbe;
men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
29 Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;
e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.
30 Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi,
e Pwov 14:25 sila ki saj va sove nanm yo.
31 Si II Sam 22:21-25moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè,
konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!

11:1 Lev 19:35-36

11:2 Pwov 16:18

11:3 Pwov 19:3

11:4 Jen 7:1

11:6 Sòm 7:15-16

11:7 Pwov 10:28

11:10 Pwov 28:12

11:14 Pwov 15:22

11:15 Pwov 6:1

11:16 Pwov 31:28-30

11:17 Mat 5:7

11:18 Os 10:12

11:20 I Kwo 29:17

11:23 Pwov 10:28

11:25 Pwov 3:9-10

11:26 Pwov 24:24

11:27 Est 7:10

11:28 Sòm 49:6

11:30 Pwov 14:25

11:31 II Sam 22:21-25