7
Alò, wa a avèk Haman te vini pou bwè diven an avèk Esther, rèn nan. Konsa, wa a te di a Esther ankò nan dezyèm jou a pandan yo t ap bwè diven pa yo nan bankè a, Est 5:6“Se ki petisyon ou an, rèn Esther? Li va bay a ou menm. Se kisa ke w ap mande a? Menm jis rive mwatye wayòm nan, li va fèt.”
Rèn Esther te reponn: Est 5:8“Si mwen te jwenn favè nan zye ou, O wa, e si se plezi a wa a, ban mwen lavi mwen kon petisyon mwen an, avèk pèp mwen an, se sa ke mwen mande. Paske Est 3:9nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, Est 3:13pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”
Konsa, Wa Assuérus te mande rèn Esther, “Ki moun li ye e kibò li ye, ki ta pwopoze fè afè sila a?”
Esther te di: Est 3:10“Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!”
Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan. Wa a nan kòlè li Est 1:12te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay. Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou Est 1:6sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman.
Alò Harbona, youn nan enik yo devan wa a te di: “Gade byen, anverite, Est 5:14men wo etaj senkant koude nan wotè ki kanpe kote kay Haman an, ke li te fè pou Mardochée ki te pale byen pou wa a!”
Epi wa a te di: “Pann li sou li!”
10  Sòm 7:16Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.

7:2 Est 5:6

7:3 Est 5:8

7:4 Est 3:9

7:4 Est 3:13

7:6 Est 3:10

7:7 Est 1:12

7:8 Est 1:6

7:9 Est 5:14

7:10 Sòm 7:16