ESTHER
1
Alò li te vin rive nan tan Esd 4:6 Wa Assuréus la, menm Assuréus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo, nan jou sa yo, pandan wa Assuréus te chita sou twòn wayal li a ki te nan sitadèl Né 1:1 Suse la, nan twazyèm ane pouvwa li a, Est 2:18li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li. Konsa li te montre tout richès avèk glwa wayal li yo, avèk mayifisans a gran majeste li pandan anpil jou, san-katre-ven jou.
Lè jou sa yo te fin acheve, wa a te bay yon gwo bankè ki te dire pandan sèt jou pou tout moun ki te prezan nan sitadèl Suse la, soti nan sila ki pi pwisan an jis rive nan sila ki pi piti a, nan Est 7:7-8 lakou jaden a palè wa a. Éz 23:41 Te gen bagay pann ki fèt an len fen blan e vyolèt ki te kenbe pa kòd fèt an len fen mov, wondèl an ajan avèk pilye an mèb. Devan yo te fèt an lò avèk ajan te plase sou yon pave mozayik ki fèt ak mab wouj, mab blan, gwo pèl klere avèk pyè presye. Bwason yo te sèvi nan veso an lò a plizyè kalite, e diven wayal la te anpil, Est 2:18 selon bonte a wa a. Jan yo te bwè se te selon lalwa, san fòse moun, paske wa a te pase lòd a chak ofisye a chak kay ke li ta dwe fè sa selon dezi a chak moun.
Anplis, Larenn Vasthi te bay yon bankè pou fanm nan palè ki te pou Wa Assuérus la.
10 Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus, 11 pou mennen fè parèt nan prezans li, rèn nan, Vasthi, avèk Est 2:17kouwòn wayal la, pou montre bèlte li a pèp la e a moun pwisan yo, paske li te tèlman bèl. 12 Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.
13 Alò, wa a te mande a Jr 10:7mesye saj ki te konprann tan yo—paske se te koutim a wa a pou pale devan tout sila ki te konprann lalwa a avèk jistis; 14 epi te gen toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, II Wa 25:19ki te gen abitid antre nan prezans a wa a, e te chita nan premye plas nan wayòm nan— 15 “Selon lalwa a, se kisa ki ta dwe fèt avèk rèn Vasthi, akoz li pa t obeyi lòd a Wa Assuérus ki te livre pa enik yo?”
16 Nan prezans a wa a avèk chèf yo, Memucan te di: “Rèn Vasthi te fè tò a wa a, men anplis tout moun nan pwovens a Wa Assuérus yo. 17 Paske, si kondwit a rèn nan vin rekonèt a tout fanm yo pou fè yo vin gade mari yo avèk mepriz, epi vin di: ‘Wa Assuérus te kòmande rèn Vasthi pou parèt devan l, men li pa t vini.’ 18 Nan jou sa a, fanm a Perse avèk Médie ki te tande afè kondwit rèn nan, va pale tout chèf a wa a nan menm fason an, e va genyen anpil mepriz avèk mekontantman.
19 “Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l Est 8:8pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a yon lòt moun ki pi merite l pase li. 20 Lè dekrè ke a wa a va fè a tande nan tout wayòm li an, ki tèlman gran, alò Ef 5:22tout fanm va gen respè a mari yo, kit gran, kit piti.”
21 Pawòl sa a te fè wa a kontan, avèk chèf yo, epi wa a te fè kon Memucan te pwopoze a. 22 Konsa, li te voye lèt a tout pwovens a wa yo, a chak pwovens selon ekriti pa li, e a chak pèp selon langaj pa yo, ke tout mesye yo ta dwe Ef 5:22-24 mèt nan pwòp kay pa yo, e sila te pale nan lang a pwòp pèp li.

1:1 Esd 4:6

1:2 Né 1:1

1:3 Est 2:18

1:5 Est 7:7-8

1:6 Éz 23:41

1:7 Est 2:18

1:11 Est 2:17

1:13 Jr 10:7

1:14 II Wa 25:19

1:19 Est 8:8

1:20 Ef 5:22

1:22 Ef 5:22-24