25
II Kwo 36:17-20Alò nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou ak nan dezyèm mwa a, Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini. Li menm avèk tout lame li te fè kan kont Jérusalem, e li te bati yon miray syèj ki te antoure li. Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a Wa Sédécias la. Nan nevyèm jou ak nan katriyèm mwa a, II Wa 6:24-25grangou te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a. Éz 33:21Konsa, yo te kase vil la antre e tout mesye lagè yo te sove ale nan nwit lan pa pòtay antre de mi yo akote Né 3:15jaden a wa a, malgre Kaldeyen yo te antoure tout vil la. Konsa, yo te sòti pa chemen dezè a. Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè wa a. Yo te rive pran li nan plèn Jéricho a, e tout lame li a te gaye kite li. Jr 34:21-22Yo te kaptire wa a e yo te Jr 32:4mennen li kote wa Babylone nan Ribla e yo te pase jijman sou li. Jr 39:6-7Yo te touye fis a Sédécias yo devan zye li, yo te Éz 12:13 pete zye a Sédécias, yo te mare l avèk chenn an bwonz yo, e yo te mennen li Babylone.
Jr 52:12Alò, nan setyèm jou ak nan senkyèm mwa a, ki se te diznevyèm ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, kapitèn gad yo, yon sèvitè a wa Babylone nan, te rive Jérusalem. I Wa 9:8Li te brile lakay SENYÈ a, lakay wa a ak tout kay Jérusalem yo. Menm tout gwo kay yo, li te brile yo avèk dife. 10 Epi tout lame Kaldeyen yo ki te avèk kapitèn gad la te II Wa 14:13kraze, chire, tout mi ki te antoure Jérusalem yo. 11 Epi II Kwo 36:20tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nébuzaraden, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil. 12 Men kapitèn gad la te kite kèk moun pami II Wa 24:14pi malere yo pou sèvi kòm ouvriye nan chan rezen yo ak pou raboure tè a.
13  I Wa 7:15-22Alò, pilye an bwonz ki te lakay SENYÈ yo ak baz avèk lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kase yo an mòso e te pote bwonz lan Babylone. 14  I Wa 7:47-50Yo te retire po yo, pèl yo, etennwa yo, kiyè yo ak tout veso an bwonz ki te konn sèvi nan sèvis tanp lan. 15 Kòmandan gad la, anplis, te pran tout plato pou resevwa sann yo, avèk basen yo, sila ki te an lò fen ak sila ki te an ajan fen yo. 16 De pilye yo, yon sèl lanmè a ak baz ke Salomon te fè pou lakay SENYÈ a, I Wa 7:47-50bwonz nan veso sila yo te depase kapasite pou peze. 17  I Wa 7:15-22Wotè a yon pilye te di-zuit koude e yon tèt an bwonz te sou li. Wotè a tèt an bwonz lan te twa koude, avèk yon griyaj ak grenad ki te antoure li an bwonz. Epi dezyèm pilye a te tankou sila yo avèk yon sistèm griyaj.
18 Alò, kapitèn gad la te pran Esd 7:1Seraja, wo prèt la, avèk Jr 29:25-29Sophonie, dezyèm prèt la, avèk twa ofisye a tanp lan. 19 Depi nan vil la, li te pran yon ofisye ki te chèf mesye lagè yo ak Est 1:14senk nan konseye a wa yo ki te twouve nan vil la; epi grefye a kapitèn lame ki te responsab anrejistre moun nan peyi a; epi swasant moun nan pèp peyi a te twouve nan vil la. 20 Nebuzaradan, kapitèn gad la, te pran yo pou te mennen yo kote wa Babylone nan II Wa 23:33Ribla. 21 Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Det 28:64Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.
22 Alò, moun ki te rete nan peyi Juda yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te kite, li te chwazi Jr 39:14Guedalia, fis a Achikam nan, fis a Schaphan an sou yo. 23  Jr 40:7-9Lè tout kapitèn yo avèk sòlda pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia kòm gouvènè, yo te vin kote Guedalia nan Mitspa; pa non, Ismaël fis a Nethania a, avèk Jochanan, fis a Karéach la, Seraja, fis a Thanhumeth la, Netofayit la, avèk Jaazania, fis a Maakatyen an, yo menm avèk mesye pa yo. 24 Guedalia te sèmante a yo avèk mesye pa yo a, e te di yo: “Pa pè vin sèvitè a Kaldeyen yo. Viv nan peyi a, sèvi wa Babylone nan e sa va ale byen pou nou.”
25  Jr 41:1-2Men li te vin rive nan setyèm mwa a, ke Ismaël, fis a Nethania yo, fis a Élischama yo nan fanmi wayal la, te rive avèk dis òm pou te frape Guedalia e li te mouri ansanm avèk Jwif ak Kaldeyen ki te avèk li nan Mitspa yo. 26  Jr 43:4-7Alò, tout pèp la, ni gran ni piti, avèk kapitèn a fòs soulèvman yo te leve ale an Égypte; paske yo te pè Kaldeyen yo. 27  Jr 52:31-34Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane an II Wa 24:12-15egzil a Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, nan venn-setyèm jou nan mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan lane ke li te vin wa a, li te lage Jojakin, wa Juda a, soti nan prizon. 28 Konsa, li te Dan 2:37pale avèk dousè anvè li e li te leve twòn li an piwo pase lòt wa ki te avèk li Babylone yo. 29 Jojakin te chanje rad prizonye li yo, e li te vin pran II Sam 9:7repa l nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li. 30 Epi pou Né 11:23bous li, yon bous nòmal te bay a li menm pa wa a, yon pòsyon pou chak jou pandan tout jou lavi li.

25:1 II Kwo 36:17-20

25:3 II Wa 6:24-25

25:4 Éz 33:21

25:4 Né 3:15

25:6 Jr 34:21-22

25:6 Jr 32:4

25:7 Jr 39:6-7

25:7 Éz 12:13

25:8 Jr 52:12

25:9 I Wa 9:8

25:10 II Wa 14:13

25:11 II Kwo 36:20

25:12 II Wa 24:14

25:13 I Wa 7:15-22

25:14 I Wa 7:47-50

25:16 I Wa 7:47-50

25:17 I Wa 7:15-22

25:18 Esd 7:1

25:18 Jr 29:25-29

25:19 Est 1:14

25:20 II Wa 23:33

25:21 Det 28:64

25:22 Jr 39:14

25:23 Jr 40:7-9

25:25 Jr 41:1-2

25:26 Jr 43:4-7

25:27 Jr 52:31-34

25:27 II Wa 24:12-15

25:28 Dan 2:37

25:29 II Sam 9:7

25:30 Né 11:23