40
Pawòl ki te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a lè Nebuzaradan, chèf a gad yo te lage li nan Rama, lè l te pran li mare ak Trav 12:6-7chenn pami tout egzil a Jérusalem ak Juda ki t ap egzile Babylone yo. Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: Lev 26:14-38“SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a; epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te Jr 50:7peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou. Men koulye a, gade byen, mwen ap Jr 39:11-12libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.” Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te II Wa 25:23apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.”
Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale. Konsa, Jérémie te ale Jij 20:1Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam e te rete avè l pami moun ki te rete nan peyi a.
Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te Jr 39:10pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo. Pou sa, yo te vin kote Guedalia Mitspa, ansanm ak Ismaël, fis a Nethania a ak Jochanan e Jonathan, fis a Karéach, Seraja, fis a Thanhumeth, fis a Éphaï, II Sam 23:28-29Nethopha ak Jezania, fis a Maacatite, yo menm ak mesye pa yo. Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te I Sam 20:16-17sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pe sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou. 10 Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka Det 1:38kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase divin nan, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”
11 Menm jan an osi, tout Jwif ki te Nonb 22:1Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziyen sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an. 12 Epi tout Jwif yo te Jr 43:5 retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.
13 Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa. 14 Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis I Sam 11:1-3Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?”
Men Guedalia, fis a Achakim nan, pa t kwè yo.
15 Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: I Sam 26:8“Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?”
16 Men Guedalia, fis a Achikam nan, te di a Jochanan, fis a Karéach la: Mat 10:16“Pa fè bagay sa a, paske ou ap di yon manti sou Ismaël.”

40:1 Trav 12:6-7

40:2 Lev 26:14-38

40:3 Jr 50:7

40:4 Jr 39:11-12

40:5 II Wa 25:23

40:6 Jij 20:1

40:7 Jr 39:10

40:8 II Sam 23:28-29

40:9 I Sam 20:16-17

40:10 Det 1:38

40:11 Nonb 22:1

40:12 Jr 43:5

40:14 I Sam 11:1-3

40:15 I Sam 26:8

40:16 Mat 10:16