20
Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama e li te vin I Sam 24:9di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”
Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!”
Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, I Sam 25:26jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”
Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.”
Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se Nonb 28:11-15 nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou. Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive I Sam 17:58Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’ Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, I Sam 25:17konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la. Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske I Sam 18:3ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”
Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”
10 Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?”
11 Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an. 12 Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa? 13 Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Jos 1:5 Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan. 14 Si mwen toujou vivan, èske ou p ap montre mwen tout lanmou a SENYÈ a pou m pa mouri? 15  II Sam 9:1-3Ou p ap retire lanmou ou vè lakay mwen pou tout tan, pa menm lè SENYÈ a vin koupe dènye lènmi David la sou fas tè a.” 16 Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: “Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo.”
17 Jonathan te fè David fè ve a ankò I Sam 18:1akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li. 18 Alò, Jonathan te di li: I Sam 20:5“Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid 19 Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la. 20 Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè. 21 Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini; paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la. 22 Men si mwen di ti gason an: I Sam 20:37‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale. 23 Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, Jen 31:49-53SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.”
24 Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje. 25 Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men I Sam 20:18plas David la te vid. 26 Malgre Saül pa t di anyen nan jou sa a, paske li te di a li menm: “Se yon Lev 7:20-21malè ki rive e li vin pa pwòp; asireman, li pa pwòp.”
27 Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?”
28 Alò, Jonathan te reponn Saül: I Sam 20:6 “David te swayezman mande pèmisyon a mwen menm pou ale Bethléhem, 29 paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou; souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.”
30 Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou. 31 Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske II Sam 12:5fòk li mouri.”
32 Men Jonathan te reponn Saül, papa li: Pwov 31:9“Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”
33 Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò. 34 Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa.
35 Alò, li te vin rive nan maten ke Jonathan te parèt nan chan an pou randevou avèk David la e yon ti gason te avè l. 36 Li te di a jennonm nan: Pwov 31:9“Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li. 37 Lè jennonm nan te rive nan plas flèch ke Jonathan te tire a, Jonathan te rele jennonm nan e te di: I Sam 20:22“Èske flèch la pa pi lwen ou?” 38 Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li. 39 Men jennonm nan pa t konnen anyen. Sèlman Jonathan avèk David te konprann koze a. 40 Alò, Jonathan te bay zam li yo a jennonm nan e te di li: “Ale pote antre nan vil la.”
41 Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la, li te tonbe sou figi li atè e li te Jen 42:6bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm; men I Sam 18:3David te kriye plis. 42 Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: I Sam 20:15-23‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’ ” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.

20:1 I Sam 24:9

20:3 I Sam 25:26

20:5 Nonb 28:11-15

20:6 I Sam 17:58

20:7 I Sam 25:17

20:8 I Sam 18:3

20:13 Jos 1:5

20:15 II Sam 9:1-3

20:17 I Sam 18:1

20:18 I Sam 20:5

20:22 I Sam 20:37

20:23 Jen 31:49-53

20:25 I Sam 20:18

20:26 Lev 7:20-21

20:28 I Sam 20:6

20:31 II Sam 12:5

20:32 Pwov 31:9

20:36 Pwov 31:9

20:37 I Sam 20:22

20:41 Jen 42:6

20:41 I Sam 18:3

20:42 I Sam 20:15-23