31
Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
 
“O fis mwen an!
O fis a vant mwen an!
O fis a ve mwen yo!
Pwov 5:9Pa bay fòs ou a fanm,
ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.
Se pa pou Ekl 10:17wa yo, O Lemuel,
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,
e Egz 23:6tòde dwa a sila ki aflije yo.
Bay bwason fò a sila k ap Job 29:13peri a,
ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
Kite li bwè pou bliye mizè li
e pa sonje pwoblèm li ankò.
Job 29:12-17Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann És 1:17 dwa a aflije yo ak endijan an.”
 
10 Yon Rt 3:11madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
11 Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal
pandan tout jou lavi li.
13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.
14 Li tankou bato komès;
li mennen manje li soti byen lwen.
15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou
Luc 12:42bay manje a tout lakay li,
ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
16 Li konsidere yon chan e achte li.
Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
17 Li I Wa 18:46mare senti l ak gwo fòs
pou fè bra li vin fò.
18 Li santi ke siksè li bon;
lanp li pa janm etenn lannwit.
19 Li lonje men l vè aparèy tise a
e men l kenbe l.
20 Li Det 15:11lonje men l vè pòv yo
avèk sila ki gen bezwen an.
21 Lakay li pa fè krent pou lanèj,
paske tout lakay II Sam 1:24 abiye an wouj.
22 Li fè Pwov 7:16kouvèti pou tèt li;
tout vètman li se twal fen blan ak mov.
23 Mari li byen rekonèt Det 16:18nan pòtay lavil yo,
lè l chita pami ansyen a peyi yo.
24 Li fè Jij 14:12vètman an len pou vann yo,
e founi sentiwon a tout komèsan yo.
25 Fòs ak I Tim 2:9-10respè se abiman li
e li souri a lavni.
26 Li Pwov 10:31ouvri bouch li avèk sajès
e enstriksyon ladousè sou lang li.
27 Li gade byen tout afè lakay li
e li pa manje Pwov 15:19pen laparès.
28 Pitit li yo leve e beni li;
mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
29 “Anpil fi te fè byen bon;
men ou pi bon anpil pase yo tout.”
30 Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite;
men se fanm nan ki Sòm 112:1krent SENYÈ a
k ap resevwa lwanj.
31 Ba li sa ke men l te pwodwi,
epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.

31:3 Pwov 5:9

31:4 Ekl 10:17

31:5 Egz 23:6

31:6 Job 29:13

31:8 Job 29:12-17

31:9 És 1:17

31:10 Rt 3:11

31:15 Luc 12:42

31:17 I Wa 18:46

31:20 Det 15:11

31:21 II Sam 1:24

31:22 Pwov 7:16

31:23 Det 16:18

31:24 Jij 14:12

31:25 I Tim 2:9-10

31:26 Pwov 10:31

31:27 Pwov 15:19

31:30 Sòm 112:1