3
Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou? Alò èske Boaz avèk sèvant li kote ou te ye yo, èske se pa pwòch Det 25:5-10fanmi pa nou? Gade byen, l ap vannen lòj nan glasi a aswè a. Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè. Li va rive ke lè li fin kouche, ke ou va remake byen kote li kouche a, epi ou va ale dekouvri pye li e kouche la. Konsa li va di ou kisa pou w fè.”
Epi li te di li: Ef 6:1“Tout sa ou di m fè, mwen va fè l.” Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo. Lè Boaz te fin manje ak bwè, Jij 19:6-9kè l te kontan. Konsa li te ale kouche nan pwent pil lòj la, e Ruth te vin kote li an sekrè. Konsa, li te dekouvri pye li pou te kouche la. Li te vin rive nan mitan nwit lan ke nonm nan te sibitman sanse yon bagay, epi lè l panche devan an, men yon fanm te kouche la nan pye li. Li te di: “Kilès ou ye?”
Li te reponn: “Mwen se Ruth, sèvant ou a. Konsa, tann kouvèti ou sou sèvant ou a, paske ou se pwòch fanmi pa m.”
10 Epi li te di: Rt 2:20“Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv. 11 Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se Pwov 12:4yon fanm plen kalite. 12 Alò, se vrè ke mwen se yon pwòch fanmi. Men gen yon fanmi pi pre pase m. 13 Rete pou nwit lan e lè maten rive, Det 25:5si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.”
14 Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: Wo 14:16“Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.” 15 Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te lantre nan vil la.
16 Lè li te rive vè bèlmè li, li te di: “Kijan sa te sòti, fi mwen?”
Epi li te di li tout sa ke nonm nan te fè pou li. 17 Li te di: “Men sis mezi lòj li te ban mwen yo, paske li te di: ‘Pa kite men a bèlmè ou vid.’ ”
18 Epi li te di: “Tann, fi mwen, jiskaske ou konnen kijan afè sa vin fini, paske nonm nan p ap pran repo jiskaske li fin regle li jodi a menm.”

3:2 Det 25:5-10

3:5 Ef 6:1

3:7 Jij 19:6-9

3:10 Rt 2:20

3:11 Pwov 12:4

3:13 Det 25:5

3:14 Wo 14:16