6
Pwov 6:20Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. Egz 20:12Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men Kol 3:21; Jen 18:19elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
Kol 3:22Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, pa sèlman devan zye, kòmsi Gal 1:10pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. Avèk bòn volonte, rann sèvis Kol 3:23tankou a Senyè a, e pa a lòm nan konesans ke Mat 16:27nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke Job 31:13ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
10 Anfen I Kor 16:13se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan Ef 1:19fòs a pouvwa Li. 11  Wo 13:12Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont Mat 16:17lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab Jc 4:7reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin És 11:5kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la És 59:17pwotèj ladwati a. 15 Konsa, És 52:7abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran I Tes 5:8boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran És 59:17kas Sali a ak Eb 4:12nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout Fil 4:6lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19  Kol 4:3Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon II Kor 5:20anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
21  Ef 6:21,22; Kol 4:7-9Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay. 22 Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab Kol 2:2rekonfòte kè nou.
23 Lapè avèk frè nou yo, e Gal 5:6lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri. 24 Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.

6:1 Pwov 6:20

6:2 Egz 20:12

6:4 Kol 3:21; Jen 18:19

6:5 Kol 3:22

6:6 Gal 1:10

6:7 Kol 3:23

6:8 Mat 16:27

6:9 Job 31:13

6:10 I Kor 16:13

6:10 Ef 1:19

6:11 Wo 13:12

6:12 Mat 16:17

6:13 Jc 4:7

6:14 És 11:5

6:14 És 59:17

6:15 És 52:7

6:16 I Tes 5:8

6:17 És 59:17

6:17 Eb 4:12

6:18 Fil 4:6

6:19 Kol 4:3

6:20 II Kor 5:20

6:21 Ef 6:21,22; Kol 4:7-9

6:22 Kol 2:2

6:23 Gal 5:6