4
Konsa, annou toujou gen lakrent pou si, pandan yon pwomès pou antre nan repo Li a toujou rete, okenn nan nou pa ta sanble vin II Kor 6:1rate li.
Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men Wo 10:17pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a. Paske nou menm ki te kwè yo, nou te antre nan repo sa a, jan Li te di a: Sòm 95:11“Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, yo p ap antre nan repo Mwen”, malgre zèv Li yo fini depi nan fondasyon mond lan.
Paske Li te di, yon kote, konsènan setyèm jou a: Jen 2:2“Epi Bondye te repoze nan setyèm jou a de tout zèv Li yo.”
E ankò nan pasaj sa a: Sòm 95:11“Yo p ap antre nan repo Mwen.”
Konsa, paske li rete pou kèk moun antre ladann, epi sila ki, avan, te gen bòn nouvèl la preche a yo menm yo, te echwe antre ladann akoz Eb 3:18dezobeyisans yo, Li ankò fikse yon sèten jou, “Jodi a”, e sa te ankò di atravè David apre anpil tan Eb 3:7menm jan ke Li te di avan an: Sòm 95:7“Jodi a, si nou tande vwa Li, pa andisi kè nou.”
Paske Jos 22:4si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.
Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a. 10 Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan Jen 2:2Bondye te fè pou zèv pa Li yo. 11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm II Pi 2:6egzanp dezobeyisans lan.
12 Paske Jr 23:29pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13  II Kwo 16:9Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman Eb 2:17wo prèt ki te Ef 4:10travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te Eb 2:18tante nan tout bagay tankou nou menm, men II Kor 5:21san peche.
16 Konsa, annou Eb 7:19rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

4:1 II Kor 6:1

4:2 Wo 10:17

4:3 Sòm 95:11

4:4 Jen 2:2

4:5 Sòm 95:11

4:6 Eb 3:18

4:7 Eb 3:7

4:7 Sòm 95:7

4:8 Jos 22:4

4:10 Jen 2:2

4:11 II Pi 2:6

4:12 Jr 23:29

4:13 II Kwo 16:9

4:14 Eb 2:17

4:14 Ef 4:10

4:15 Eb 2:18

4:15 II Kor 5:21

4:16 Eb 7:19