2
Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou Pwov 3:21nou pa vin vag sou li.
Paske si pawòl ki te pale pa Trav 7:53zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, Eb 10:29kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa?
Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo. Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa I Kor 12:4,11don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.
Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou Mat 24:14monn k ap vini an, sou sa n ap pale a, men youn te temwaye yon kote, pou di:
Sòm 8:4“Kisa lòm ye, pou ou sonje li?
Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li?
Ou fè li pou yon ti tan yon ti jan pi
piti pase zanj yo.
Ou kouwone li avèk glwa ak lonè.
Ou ba li pouvwa sou tout zèv men Ou yo;
e Ou mete tout bagay anba pye li.”
Sòm 8:5,6 Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a I Kor 15:25malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li.
Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, Trav 3:13akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.
10 Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi Wo 11:36pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou Eb 5:9rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.
11 Paske Sila ki Eb 13:12fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè. 12 Li di:
Sòm 22:22“Mwen va pwokame non Ou a frè m yo.
Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.
13 Epi ankò:
És 8:17“Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.”
E ankò:
És 8:18“Gade, Mwen menm avèk pitit
ke Bondye te ban Mwen yo.”
14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje Mat 16:17chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; 15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akoz Wo 8:15perèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
16 Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.
17 Pou sa ta vin rive, li te Fil 2:7oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè Dan 9:24 yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo. 18 Paske akoz ke Li menm te Eb 4:15tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.

2:1 Pwov 3:21

2:2 Trav 7:53

2:3 Eb 10:29

2:4 I Kor 12:4,11

2:5 Mat 24:14

2:6 Sòm 8:4

2:8 Sòm 8:5,6

2:8 I Kor 15:25

2:9 Trav 3:13

2:10 Wo 11:36

2:10 Eb 5:9

2:11 Eb 13:12

2:12 Sòm 22:22

2:13 És 8:17

2:13 És 8:18

2:14 Mat 16:17

2:15 Wo 8:15

2:17 Fil 2:7

2:17 Dan 9:24

2:18 Eb 4:15