10
Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa Wo 8:3janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo Eb 7:19 fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo. Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap I Pi 2:19vin sanse pechè ankò?
Men Eb 9:7nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane. Paske se enposib pou Eb 9:12san towo ak kabrit efase peche.
Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di:
Sòm 40:6“Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire,
men yon kò Ou te prepare pou Mwen.
Sòm 40:6Nan tout ofrann ki brile
ak sakrifis pou peche,
Ou pa t pran plezi.
Sòm 40:7,8Answit, Mwen te di:
‘Gade, Mwen gen tan vini
(nan woulo liv la li ekri de Mwen)
“pou fè volonte Ou, o Bondye.’ ”
Lè L te fin di tout sa a: Sòm 40:6“Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).
Answit, Li te di: Sòm 40:7,8“Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.”
Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan. 10 Pa volonte sila a, nou Jn 17:19vin sanktifye pa Ef 5:2ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.
11 Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e Eb 5:1l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki Mi 6:6-8pa janm kapab efase peche yo.
12 Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li Sòm 110:1te vin chita sou men dwat a Bondye, 13 pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an Sòm 110:1jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li. 14 Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann Eb 10:1pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.
15 Epi Eb 3:7Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di:
16  Jr 31:33“Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo
apre jou sa yo, di Senyè a;
Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo,
e nan panse yo, Mwen va ekri yo.”
Li di answit:
17  Jr 31:34“Epi peche ak inikite yo,
Mwen p ap sonje yo ankò.”
18 Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans Eb 9:25pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou Eb 6:19atravè vwal la, ki se chè Li, 21 epi paske nou vin gen yon Granprèt I Tim 3:15lakay Bondye a, 22 annou Eb 7:19rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23 Pou nou kenbe fèm a Eb 3:1pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab Eb 13:1ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan Eb 3:13ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
26 Paske si nou kontinye nan Nonb 15:30peche volontèman aprè nou resevwa I Tim 2:4konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak És 26:11yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28  Det 17:2-6Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade Egz 24:8san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30 Paske nou konnen Sila ki te di a: Wo 12:19“Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: Det 32:36“Senyè a va jije pèp Li a.” 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Mat 16:16Bondye vivan an.
32 Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin Eb 6:4eklere, nou te andire yon gwo Fil 1:30konfli soufrans 33 nan yon jan, nou te I Kor 4:9devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te Fil 4:14pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo. 34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l Mat 5:12avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
35 Konsa, pa jete Eb 10:19konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. 36 Paske nou oblije Luc 21:19andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab Eb 9:15resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
37  Eb 2:3“Paske nan yon tan ki kout,
Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.
38  Hab 2:4Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;
e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”
39 Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la.

10:1 Wo 8:3

10:1 Eb 7:19

10:2 I Pi 2:19

10:3 Eb 9:7

10:4 Eb 9:12

10:5 Sòm 40:6

10:6 Sòm 40:6

10:7 Sòm 40:7,8

10:8 Sòm 40:6

10:9 Sòm 40:7,8

10:10 Jn 17:19

10:10 Ef 5:2

10:11 Eb 5:1

10:11 Mi 6:6-8

10:12 Sòm 110:1

10:13 Sòm 110:1

10:14 Eb 10:1

10:15 Eb 3:7

10:16 Jr 31:33

10:17 Jr 31:34

10:19 Eb 9:25

10:20 Eb 6:19

10:21 I Tim 3:15

10:22 Eb 7:19

10:23 Eb 3:1

10:24 Eb 13:1

10:25 Eb 3:13

10:26 Nonb 15:30

10:26 I Tim 2:4

10:27 És 26:11

10:28 Det 17:2-6

10:29 Egz 24:8

10:30 Wo 12:19

10:30 Det 32:36

10:31 Mat 16:16

10:32 Eb 6:4

10:32 Fil 1:30

10:33 I Kor 4:9

10:33 Fil 4:14

10:34 Mat 5:12

10:35 Eb 10:19

10:36 Luc 21:19

10:36 Eb 9:15

10:37 Eb 2:3

10:38 Hab 2:4