26
 1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:  
“Nou gen yon vil ki fò;  
li monte miray ak ranfò pou ✡És 60:18 sekirite.   
 2 Ouvri ✡És 60:11-18pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;  
sila ki rete fidèl la.   
 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,  
Ou va kenbe nan ✡És 26:12lapè pafè,  
akoz li gen konfyans nan Ou.   
 4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,  
paske nan BONDYE SENYÈ a,  
nou gen yon ✡És 17:10 Wòch etènèl.   
 5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,  
vil ki pa t kapab venk lan.  
✡Job 40:11-13Li te desann li ba.  
Li te desann li jis atè.  
Li te jete li nan pousyè.   
 6 ✡Job 40:11-13Pye va foule l, pye a malere a,  
pla pye a sila ki san sekou yo.”   
 7 ✡És 57:2Chemen moun jis se ladwati.  
O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.   
 8 Anverite, selon jijman Ou yo,  
O SENYÈ, nou t ap tann Ou.  
Non Ou, menm ✡Egz 3:15memwa Ou, se dezi a nanm nou.   
 9 ✡Sòm 63:5-6Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.  
Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;  
paske lè jijman Ou yo rive sou latè,  
sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.   
 10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li p ap aprann ladwati.  
Li ✡Os 11:7aji ak enjistis nan peyi ladwati.  
Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.   
 11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men ✡És 44:9-18yo pa wè li;  
men yo va wè zèl Ou pou pèp la  
e y ap vin wont.  
Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.   
 12 SENYÈ, Ou va etabli ✡És 26:3lapè pou nou,  
akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.   
 13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apa de ou te gouvène nou;  
men se non Ou sèl, ke n ap konfese.   
 14 ✡Det 4:28Sila ki mouri yo p ap viv.  
Lespri ki pati yo p ap leve ankò.  
Konsa, Ou te pini yo, detwi yo  
e Ou te efase tout memwa a yo menm.   
 15 ✡És 9:3 Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ,  
Ou te agrandi nasyon an!  
Ou leve wo!  
Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.   
 16 O SENYÈ, nan mitan ✡És 37:3gwo twoub yo, yo te chache Ou.  
Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè lè chatiman Ou te sou yo.   
 17 ✡És 13:8Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche;  
li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan;  
se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.   
 18 Nou te ansent, nou te vire kò,  
men nou pa t bay nesans a plis ke van.  
Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a,  
ni ✡Sòm 17:14 pitit mond yo pa t tonbe.   
 19 Moun ✡És 25:8mouri Ou yo va viv;  
kadav pa yo va leve.  
Nou menm ki kouche nan pousyè a,  
leve e fè kri lajwa,  
paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,  
e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.   
 20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou  
e fèmen pòt nou dèyè nou.  
Kache pou yon ti tan jiskaske ✡És 10:5-25gwo kòlè a fin pase.   
 21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,  
pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.  
Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo,  
e li p ap kache mò li yo ankò.