11
1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;
Epi deyò Égypte, Mwen te rele fis mwen an.✡ Os 2:15
2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo;
Yo te kontinye ✡ Os 2:13fè sakrifis bay baal yo e
✡ És 65:7 brile lansan bay zidòl yo.
3 Malgre sa, se te Mwen ki te montre Éphraïm
jan pou l mache;
Nan bra M, Mwen te pran yo;
Men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.
4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,
ak lyen lanmou;
Epi ✡ Lev 26:13; Egz 16:32Mwen te vini pou yo Kon sila ki retire
jouk la sòti nan kou yo.
Konsa, Mwen te bese mete manje devan yo.
5 Yo p ap retounen nan peyi Égypte;
men Wa Assyrie a va vin wa yo, akoz yo te
✡ Os 7:16 refize retounen kote Mwen.
6 Nepe va fè laraj kont vil yo,
va kraze pòtay ak fè fòje yo e va
✡ Lam 2:9devore yo nèt akoz pwòp ✡ Os 4:16,17 konseye pa yo.
7 Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou ✡ Jr 3:6,7 vire kite Mwen. Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a, pa gen youn nan yo ki va egzalte Li.
8 ✡ Os 6:4 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?
Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?
Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma?
Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou ✡ Jen 14:8Tseboïm?
Kè M vire nèt anndan M;
konpasyon Mwen vin anflame.
9 Mwen ✡ Det 13:17 p ap egzekite chalè kòlè Mwen;
Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.
Paske ✡ Nonb 23:19se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;
Sila Ki Sen nan mitan nou an
e Mwen p ap antre nan kòlè.
10 Yo va ✡ Os 3:5mache dèyè SENYÈ a,
Li va gwonde kon yon lyon;
Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vin tou
ap ✡ És 66:2,5 tranble soti nan lwès.
11 Yo va vini tou ap tranble tankou zwazo
soti an Égypte e kon toutrèl soti nan peyi ✡ És 11:11; Éz 28:25,26Assyrie;
epi Mwen va plase yo nan kay pa yo,
deklare SENYÈ a.
12 Éphraïm antoure Mwen ak ✡ Os 4:2manti,
e lakay Israël ak desepsyon,
men anplis, Juda rete san prensip kont Bondye,
menm kont Sila Ki Sen, ki fidèl la.