14
1 Li te rive nan jou Amraphel yo, wa ✡ Jen 10:10Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan, 2 Ke yo te vin fè lagè avèk Béra, wa Sodome nan, e avèk Birscha, wa Gomorrhe a, Schineab, wa Adma a, ak Schémbeébern wa Tseboïm nan, avèk wa a Béla a, ki se Tsoar.
3 Tout sila yo te vini nan yon alyans nan vale Siddim nan (sa vle di ✡ Nonb 34:12 Lanmè Sèl la). 4 Pandan douz ane yo te sèvi Kedorlaomer, men nan trèzyèm ane a, yo te revòlte.
5 Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat ✡ Det 3:11,13Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm. 6 Avèk Oryen yo nan mòn pa yo nan Séir jiska distans rive nan Al-Paran, ki touprè dezè a. 7 Epi yo vin retounen rive nan En-Mischpath, (ki se ✡ Nonb 13:26Kadès), e yo te bat Amalesit yo nan tout peyi a yo a, e osi Amoreyen ki te rete ✡ II Kwo 20:2Hatsatson-Thamar yo.
8 Epi wa Sodome nan avèk wa Gomorrhe a avèk wa Adma ak wa Tseboïm nan, e wa Béla a, (ki se Tsoar); te vin parèt; epi yo ranje yo pou fè batay kont yo nan vale Siddim nan, 9 Kont Kedorlaomer wa Élam nan, Tideal, wa Gojim nan, Amraphel, wa Schinear nan, ak Arjoc, wa Ellasar a; kat wa kont senk.
10 Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo; epi ✡ Jen 14:17-22 wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e youn nan yo vin tonbe. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo.
11 Epi yo te pran tout byen Sodome avèk Gomorrhe yo avèk tout manje yo te genyen, e yo te pati. 12 Osi yo te pran Lot, neve a Abram nan avèk tout byen li, e yo te pati, ✡ Jen 13:12paske li t ap viv Sodome.
13 Alò, yon moun ki te sove ale te vin di Abram, Ebre a, tout sa. Alò, li t ap viv bò kote chenn Mamré yo, Amoreyen sila a, frè Eschcol e frè Aner, ki te fè yon ✡ Jen 21:27-32 alyans avèk Abram.
14 Lè Abram te tande ke ✡ Jen 14:12 moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan. 15 ✡ Jij 7:16Li te divize ekip li a kont yo nan lannwit, li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la. 16 Li te mennen retounen tout byen yo, e osi li te mennen tounen moun fanmi li an, Lot, avèk byen pa l, fanm, avèk lòt moun yo.
17 Apre li te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l Abram nan vale Schavé a, (sa vle di ✡ II Sam 18:18 Vale a Wa a).
18 Epi ✡ Eb 7:1-10Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pli Wo a. 19 Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pli Wo a, ✡ Jen 14:22Mèt Syèl la ak tè a. 20 Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.”
Li te bay li yon ✡ Eb 7:4dim nan tout bagay.
21 Wa Sodome nan te di Abram: “Ban mwen moun yo, e ou mèt pran byen yo pou ou menm.”
22 Abram te di a wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, ✡ Sòm 24:1 Mèt sou syèl la avèk tè a, 23 ke mwen ✡ II Wa 5:16p ap pran menm yon fisèl oswa yon sandal, ni yon las, ni anyen ki pou ou, akoz laperèz ke ou ta di ‘se ou ki fè Abram vin rich’. 24 Mwen p ap pran anyen sof ke sa ke jennonm yo te manje, ak pòsyon pou mesye ki te ale avè m yo, ✡ Jen 14:13Aner, Eschcol, avèk Mamré; kite yo pran pòsyon pa yo.”