10
Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la.
I Kor 1:5-7 Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.
Fis Gomer yo te Jr 51:27 Aschkenaz, Riphat avèk Togarma.
Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim.
Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.
I Kwo 1:8-10Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.
Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
Cush te fè osi Nimrod. Li te kòmanse vin pwisan sou latè. Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
10 Kòmansman wayòm li an te Jen 11:9Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo. 11 De teritwa sila a, li te antre Mi 5:6nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach, 12 Avèk Résen antre Ninive e Calach, ki se gran vil la.
13 Mitsraïm te devni papa Jr 46:9 Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim. 14 Avèk I Kwo 1:12 Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim.
15 Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Jen 23:3Heth; 16 epi Jen 15:19-21Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo, 17 Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo, 18 avèk Avadyen yo, Tsemaryen yo, Amatyen yo, e apre, fanmi Canaran an te gaye toupatou.
19  Nonb 34:2-12 Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza, kote lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
20 Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon pa yo.
21 Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit. 22 Fis a Sem yo te Jen 14:1-9 Élam, Assur, Jen 11:10 Arpacschad, Lud, avèk Aram.
23 Fis Aram yo te Job 1:1 Uts, Hul, Guéter avèk Masch.
24 Arpacschad te fè Jen 11:12Schélach, epi Schélach te fè Héber.
25  I Kwo 1:19Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan.
26 Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach, 27 Hadoram, Uzal, Dikla, 28 Obal, Abimaël, Séba, 29 Ophir, Havila ak Jbab. Tout sa yo te fis pou Jokthan. 30 Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, teritwa mòn lès la.
31 Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon yo.
32 Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, Jen 9:19selon nasyon pa yo. Konsa, depi nan sa yo, nasyon yo te separe sou latè apre delij la.

10:2 I Kor 1:5-7

10:3 Jr 51:27

10:6 I Kwo 1:8-10

10:10 Jen 11:9

10:11 Mi 5:6

10:13 Jr 46:9

10:14 I Kwo 1:12

10:15 Jen 23:3

10:16 Jen 15:19-21

10:19 Nonb 34:2-12

10:22 Jen 14:1-9

10:22 Jen 11:10

10:23 Job 1:1

10:24 Jen 11:12

10:25 I Kwo 1:19

10:32 Jen 9:19