JOB
1
Te gen yon mesye nan Jr 25:20peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal. Job 42:13Sèt fis ak twa fi te fèt a li menm. Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te Job 29:25pi gran òm nan tout pati lès la. Fis li yo te konn ale fè yon fèt lakay a yo chak, selon jou fèt pa li a, e yo te konn envite twa sè yo pou manje e bwè avèk yo. Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri Jen 8:20ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.
Alò, te rive yon jou lè Job 38:7 fis a Bondye yo te vin prezante yo menm devan Bondye, e Satan osi, te rive pami yo. SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?”
Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: I Pi 5:8“Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”
SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake Jos 1:2-7sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”
Rev 12:9Satan te reponn SENYÈ a: “Èske Job gen lakrent Bondye pou granmesi? 10 Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e Job 1:3byen li grandi anpil nan peyi a. 11  Job 2:5Men lonje men Ou depi koulye a, touche tout sa li posede. Anverite li va modi Ou menm devan figi Ou.”
12 SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, tout sa li genyen sou pouvwa ou. Sèlman pa lonje men ou sou kò li.”
Konsa, Satan te pati devan prezans SENYÈ a. 13 Alò, nan jou ke fis li avèk fi li yo t ap manje ak bwè diven lakay pi gran frè a, 14 yon mesaje te rive kote Job. Li te di: “Bèf yo t ap raboure, e bourik yo t ap manje akote yo, 15 men konsa, Jen 10:7Sabeyen yo te atake vin pran yo. Anplis, yo te touye sèvitè yo ak lam nepe, e se sèl mwen ki te chape pou di ou sa.”
16 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive pou l te di: “Dife Bondye te tonbe soti nan syèl la, e te brile tout mouton avèk sèvitè yo. Li te manje yo nèt e se mwen sèl ki te chape pou di ou sa.”
17 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Kaldeyen yo te fòme twa bann pou vin desann sou chamo yo. Yo te pran yo, e touye sèvitè yo avèk lanm nepe. Se mwen sèl ki chape pou di ou sa.”
18 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Fis ou yo avèk fi ou yo t ap manje ak bwè diven lakay pi gran frè a, 19 epi men vwala, yo gwo van te travèse dezè a pou frape kat kwen kay la. Li te tonbe sou jenn moun sa yo epi yo te mouri. Se mwen sèl ki te chape pou vin di ou sa.”
20 Konsa Job te leve. Li te Jen 37:29-34chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore. 21 Li te di: “ Ekl 5:15Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.” 22 Pandan tout sa, Job pa t fè peche, ni li pa t bay repwòch a Bondye.

1:1 Jr 25:20

1:2 Job 42:13

1:3 Job 29:25

1:5 Jen 8:20

1:6 Job 38:7

1:7 I Pi 5:8

1:8 Jos 1:2-7

1:9 Rev 12:9

1:10 Job 1:3

1:11 Job 2:5

1:15 Jen 10:7

1:20 Jen 37:29-34

1:21 Ekl 5:15