38
Konsa, Bondye te Job 40:6reponn Job nan van toubiyon an:
Se kilès sa a ki Job 35:16twouble konsèy Mwen an
ak pawòl san konesans yo?
Alò, mare senti ou tankou gason,
Job 42:4M ap mande ou e ou va enstwi M!
 
“Kote ou te ye Sòm 104:5lè M te poze fondasyon mond lan?
Pale si ou gen bon konprann,
Se kilès ki te etabli Pwov 8:29mezi li? Konsi ou konnen?
Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?
Sou kilès Job 26:7baz li yo te fonse?
Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,
lè zetwal maten yo te chante ansanm,
e tout Job 1:6fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?
 
“Oswa se kilès ki te Sòm 104:6-9delimite lanmè a ak pòt yo,
lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;
lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li
e fènwa byen pwès kon rad anfans li,
10 epi Mwen te Pwov 8:29plase lizyè sou li,
e te kadnase pòt li yo,
11 lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis;
men la vag ògèy ou va rete’?
 
12 “Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive,
e fè solèy granmaten an konnen plas li,
13 pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè
e Job 34:25-26 souke l nèt pou yo sòti ladann?
14 Li vin chanje tankou ajil anba yon so;
epi prezante la tankou yon abiman.
15  Job 5:14Sou mechan yo, limyè yo retire
e bwa souleve a vin kase.
 
16 “Èske ou konn antre nan sous lanmè yo,
oswa mache nan fon pwofondè a?
17 Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm?
Oswa èske ou konn wè pòtay Job 10:21lonbraj lanmò yo?
18 Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout Job 28:24tè a?
Di M si ou konnen tout sa a.
 
19 “Kote chemen an ye pou rive nan abitasyon limyè a?
Epi tenèb la, kote landwa li,
20 pou ou ta mennen li nan Job 26:10limit li,
pou ou ta kab konprann chemen pou rive lakay li?
21 Fòk ou konnen paske Job 15:7ou te fèt avan sa,
e kantite jou ou yo vast!
22 Èske ou konn antre nan Job 37:6kay depo nèj yo,
oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,
23 ke M te rezève pou tan twoub la,
pou jou lagè ak batay la?
24 Kote chemen a ki pou fè Job 26:10loray divize a
oswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?
 
25 “Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an,
oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,
26 Pou mennen Job 36:27lapli nan yon teren kote nanpwen moun,
nan yon dezè san pèsòn ladann,
27 Pou Sòm 104:13-14satisfè yon peyi savann dezole
e fè grenn zèb yo vin jèmen.
28 Èske lapli gen papa?
Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?
29 Nan ki vant manman a sila Job 37:10glas la te sòti?
Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?
30 Dlo vin di tankou wòch
e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.
 
31 “Èske ou konn mare chenn zetwal Job 9:9Pleiades yo,
oswa lage kòd zetwal Orion yo?
32 Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo,
oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?
33 Èske ou konnen tout Sòm 148:6règleman syèl la,
oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?
34 Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo,
pou fè Job 22:11gwo kantite dlo vin kouvri ou?
35 Èske ou kab Job 36:32voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?
36 Se kilès ki te Sòm 51:6mete sajès nan kè lòm,
oswa te bay bon Job 32:8konprann nan panse a?
37 Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès,
oswa Job 38:34vide gwo krich dlo syèl yo,
38 Pou pousyè a vin di nan yon gwo ma dlo
e bòl tè yo vin kole ansanm?
 
39 “Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an Sòm 104:21manje,
oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,
40 Lè yo Job 37:8kouche nan kav pa yo
e kouche tann pèlen bò lakay yo?
41 Se Sòm 147:9kilès ki prepare manje pou kòbo a
lè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?
 

38:1 Job 40:6

38:2 Job 35:16

38:3 Job 42:4

38:4 Sòm 104:5

38:5 Pwov 8:29

38:6 Job 26:7

38:7 Job 1:6

38:8 Sòm 104:6-9

38:10 Pwov 8:29

38:13 Job 34:25-26

38:15 Job 5:14

38:17 Job 10:21

38:18 Job 28:24

38:20 Job 26:10

38:21 Job 15:7

38:22 Job 37:6

38:24 Job 26:10

38:26 Job 36:27

38:27 Sòm 104:13-14

38:29 Job 37:10

38:31 Job 9:9

38:33 Sòm 148:6

38:34 Job 22:11

38:35 Job 36:32

38:36 Sòm 51:6

38:36 Job 32:8

38:37 Job 38:34

38:39 Sòm 104:21

38:40 Job 37:8

38:41 Sòm 147:9