35
1 Konsa, Élihu te kontinye e te di:
2 “Èske ou sipoze ke sa a ankò ap ✡ Job 27:2bay ou dwa?
Èske ou ap di ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?
3 Paske ou di: ‘Ki avantaj sa ye pou ou?
Ki ✡ Job 9:30-31pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’
4 Mwen va reponn ou menm ak zanmi ou yo tou.
5 ✡ Jen 15:5Gade nan syèl yo pou wè; epi gade byen nan nwaj yo;
yo pi wo pase ou.
6 Si ou te peche, ✡ Pwov 8:36kisa ou akonpli kont Li?
Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?
7 Si ou jis, ✡ Luc 17:10kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?
8 Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm
e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.
9 “Akoz ✡ Egz 2:23fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò;
yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan yo.
10 Men ✡ Job 21:14pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an,
ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,
11 Se kilès ki ✡ Sòm 94:12enstwi nou plis pase bèt latè yo,
e fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’
12 Depi anwo yo ✡ Pwov 1:28kriye fò, men nanpwen repons
akoz ògèy moun mechan yo.
13 Anverite, ✡ Jr 11:11Bondye p ap koute yon kri ki vid,
ni Toupwisan an p ap gade l.
14 Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li;
✡ Job 31:35ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!
15 Epi koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li,
ni Li pa t apresye awogans,
16 Pou sa, Job ouvri bouch li an ven;
li ogmante pawòl li yo ✡ Job 34:35san konesans.”