34
1 Alò, Élihu te kontinye epi te di:
2 “Koute pawòl mwen yo, sila ki saj nan nou yo
e koute mwen, nou menm ki gen konesans.
3 Paske ✡ Job 12:11zòrèy la teste pawòl yo
jan bouch la goute manje a.
4 Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat;
kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.
5 Paske, Job te di: ‘Mwen dwat, men
✡ Job 27:2Bondye te rache dwa mwen an;
6 Èske mwen ta dwe manti selon dwa m?
✡ Job 6:4Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’
7 Se kilès ki tankou Job,
k ap ✡ Job 15:16bwè giyonnen moun tankou se dlo,
8 Ki ale ✡ Job 22:15kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo
e mache avèk moun malveyan yo?
9 Paske, li te di: ✡ Job 21:5‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun
lè l kontan ak Bondye.’
10 “Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann.
Fòk se lwen pou Bondye ta ✡ Job 8:3fè mechanste,
e pou Toupwisan an fè mal.
11 Paske Li rekonpanse lòm selon ✡ II Kor 5:10zèv li yo
e fè li jwenn selon chemen li.
12 Anverite, ✡ Job 34:10Bondye p ap aji avèk mechanste,
e Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.
13 Se kilès ki te ✡ Job 38:4bay Li otorite sou latè?
Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?
14 Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ✡ Sòm 104:29ranmase a Li menm
pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,
15 Tout ✡ Jen 7:21chè ta peri ansanm
e lòm ta ✡ Job 10:9 retounen nan pousyè.
16 “Men si gen moun bon konprann, koute sa a;
koute son pawòl mwen yo.
17 Èske ✡ II Sam 23:3yon moun ki rayi jistis va renye?
Epi èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,
18 Ka p di a yon wa: ‘Sanzave’, a prens yo: ‘nou mechan’;
19 Ki p ap montre ✡ I Pi 1:17patipri a prens yo,
ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv,
paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
20 Nan yon moman, yo mouri;
epi ✡ Egz 12:29nan mitan lannwit, yon pèp vin etone,
yo disparèt e moun pwisan yo retire san men leve.
21 “Paske ✡ Pwov 15:3zye Li sou chemen a yon nonm
e Li wè tout pa li fè.
22 Nanpwen ✡ Sòm 139:11-12fènwa, ni lonbraj fonse
kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.
23 Paske Li pa ✡ Job 11:11bezwen obsève yon nonm anpil
pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.
24 Li kraze ✡ Job 12:19moun pwisan an an mòso, san mande anyen
e mete lòt moun nan plas yo.
25 Pou sa, Li ✡ Job 34:11konnen zèv yo;
Li boulvèse yo nan lannwit e yo kraze nèt.
26 Li ✡ Sòm 9:5frape yo tankou mechan
nan yon plas pou tout moun wè,
27 Akoz yo ✡ I Sam 15:11vire akote nan swiv Li e pa gade chemen Li yo;
28 Akoz yo te fè ✡ Job 35:9kri a malere a rive kote Li
pou L ta kab tande kri a aflije yo——
29 Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L?
Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L?
Li pli wo ke nasyon, ni lòm?——
30 Se konsa pou ✡ Job 5:15 anpeche moun ki san Bondye yo ta vin
reye e vin yon pèlen pou pèp yo.
31 “Paske, èske yon moun te di Bondye:
‘Mwen te fin sipòte kont mwen; mwen p ap fè ofans ankò;
32 Enstwi mwen sa ke m pa wè;
si mwen te ✡ Job 33:27fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?
33 Èske Li va ✡ Job 41:11rekonpanse ak plan pa ou a,
pou ou ka refize li? Paske se ou menm ki oblije chwazi;
se pa mwen. Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.
34 Moun ak bon konprann va di mwen,
oswa yon nonm saj ki tande m va di:
35 ‘Job ✡ Job 35:16pale san konesans e pawòl li yo san sajès.
36 Yo dwe fè pwosè kont Job jis rive nan tout limit li,
akoz li reponn ✡ Job 22:15tankou moun mechan yo.
37 Paske li ogmante ✡ Job 23:2rebelyon sou tout lòt peche li yo.
Li bat men li pami nou e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’ ”