12
Job te reponn:
Anverite, konsa, Job 17:10se nou menm ki se pèp la.
Se ak nou menm tout sajès ap mouri!
Men Job 13:2mwen gen lespri menm tankou ou;
mwen pa pi ba pase ou.
Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?
Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo,
sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an.
Nonm nan ki dwat e Job 6:29san tò a vin yon blag.
Sila ki alèz la ri sou malè a;
men l ap tan pye l chape.
Job 9:24Tant volè a fè pwofi,
e sila ki pwovoke Bondye byen alez.
Se nan men yo pote dye pa yo.
 
“Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;
ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.
Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen
ke se És 41:20men SENYÈ a ki fè sa?
10  Trav 17:28Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,
ansanm ak Job 27:3souf tout limanite a.
11 Èske Job 34:3zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl,
menm jan ke bouch la goute manje li a?
12 Sajès rete ak Job 15:10granmoun;
yon lavi ki long gen bon konprann.
 
13 “Avèk Bondye se Job 9:4sajès ak pwisans.
A Li menm se konsèy avèk Job 11:6 bon konprann.
14 Gade byen, se Li menm ki Job 19:10detwi; e sa p ap kab rebati.
Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.
15 Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt;
Li Jen 7:11-24voye yo deyò pou yo inonde latè a.
16 Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon;
Job 13:7-9 sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo,
tou de se pou Li.
17 Li fè Job 3:14konseye yo mache pye atè
e fè Job 9:24 jij yo antre nan foli.
18 Li Sòm 116:16detache chenn ki mare wa yo,
e mare senti yo ak yon sentiwon.
19 Li fè prèt yo mache san rad,
e boulvèse Job 34:24-28sila ki ansekirite yo.
20 Li fè moun konfyans pa kab pale,
e Job 17:4retire bon jijman a ansyen yo.
21 Li Job 34:19vide mepriz sou prens yo,
e lache senti a pwisan yo.
22 Li Dan 2:22devwale mistè ki nan tenèb yo,
e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.
23  És 9:3Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo.
Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.
24 Li Job 12:20rache lespri a chèf pèp latè yo,
e fè yo egare nan yon savann san chemen.
25 Yo Job 5:14tatonnen nan fènwa a san limyè.
Li fè yo És 24:20 kilbite tankou moun sou.
 

12:2 Job 17:10

12:3 Job 13:2

12:4 Job 6:29

12:6 Job 9:24

12:9 És 41:20

12:10 Trav 17:28

12:10 Job 27:3

12:11 Job 34:3

12:12 Job 15:10

12:13 Job 9:4

12:13 Job 11:6

12:14 Job 19:10

12:15 Jen 7:11-24

12:16 Job 13:7-9

12:17 Job 3:14

12:17 Job 9:24

12:18 Sòm 116:16

12:19 Job 34:24-28

12:20 Job 17:4

12:21 Job 34:19

12:22 Dan 2:22

12:23 És 9:3

12:24 Job 12:20

12:25 Job 5:14

12:25 És 24:20