116
Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,
avèk siplikasyon mwen yo.
Akoz Li te Sòm 17:6panche zòrèy Li bò kote m,
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
Kòd lanmò yo te antoure m,
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, Sòm 17:13sove lavi mwen!
Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak Egz 34:6mizerikòd.
SENYÈ a toujou pwoteje Sòm 19:7 moun senp yo.
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
Reprann Jr 6:16repo ou, O nanm mwen, paske
Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
Paske Ou te Sòm 49:15delivre nanm mwen devan lanmò,
zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
Mwen va mache devan SENYÈ a nan
Sòm 27:13peyi moun vivan an.
10 Mwen II Kor 4:13te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo:
Sòm 62:9“Tout moun se mantè”.
12 Kisa mwen kapab II Kwo 32:25bay a SENYÈ a
Pou tout bonte Li anvè mwen?
13 Mwen va leve wo Sòm 16:5koup sali a,
e rele non SENYÈ a.
14 Mwen va Sòm 50:14peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a.
Wi, nan prezans tout pèp Li a!
15  Sòm 72:14Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
16 O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou.
Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an.
Ou fin Sòm 107:14lache kòd mwen yo.
17 A Ou menm, mwen va ofri yon Lev 7:12sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
18 Mwen va Sòm 116:14peye ve mwen yo a SENYÈ a.
Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
19 Nan Sòm 92:13lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm,
O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!

116:2 Sòm 17:6

116:4 Sòm 17:13

116:5 Egz 34:6

116:6 Sòm 19:7

116:7 Jr 6:16

116:8 Sòm 49:15

116:9 Sòm 27:13

116:10 II Kor 4:13

116:11 Sòm 62:9

116:12 II Kwo 32:25

116:13 Sòm 16:5

116:14 Sòm 50:14

116:15 Sòm 72:14

116:16 Sòm 107:14

116:17 Lev 7:12

116:18 Sòm 116:14

116:19 Sòm 92:13