62
Pou direktè koral la; selon Jeduthun; Yon Sòm David
1 Nanm mwen ap tann an silans pou Bondye sèl;
Depi nan Li, se sali mwen.
2 Se Li sèl ki ✡ Sòm 89:26 wòch mwen avèk sali mwen,
sitadèl mwen; mem gwo sò pa p boulvèse m.
3 Pou jiskilè, nou va atake yon nonm,
Pou nou kab touye li, nou tout,
Tankou yon ✡ És 30:13 miray k ap panche, tankou yon
Kloti k ap kraze?
4 Yo te bay konsèy sèlman pou pouse li
soti nan wo pozisyon li;
Yo ✡ Sòm 4:2 pran plezi nan tout sa ki fo;
Yo beni avèk bouch yo; men anndan,
yo bay madichon.
5 Nanm mwen, ✡ Sòm 62:1 tann an silans sèlman Bondye;
Paske espwa mwen sòti nan Li.
6 Li se sèl ✡ Sòm 62:2 wòch mwen ak sali mwen,
sitadèl mwen; mwen p ap ebranle menm.
7 Sou Bondye, ✡ Sòm 85:9 sali mwen an, avèk glwa mwen;
Wòch fòs mwen an; kote pou m kache a,
se nan Bondye.
8 Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la;
✡ I Sam 1:15 Vide kè nou devan Li; Bondye se yon
refij pou nou.
9 Moun nan ✡ Sòm 49:2 pozisyon ba yo se sèlman vanite e
moun ki wo yo se manti; nan balans yo, yo va monte;
Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.
10 Pa mete konfyans nan peze moun desann,
Ni pa mete fo espwa nan ✡ És 61:8 vòlè;
Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo,
11 Yon fwa, Bondye te pale; de fwa
mwen gen tan tande sa:
Ke pouvwa, se pou Bondye;
12 Epi lanmou dous, se pou Ou; O Senyè,
Paske Ou bay rekonpans a lòm selon
zèv li yo.