85
Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo
O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a.
Ou te Egz 1:11 restore kaptivite a Jacob la.
Ou te Nonb 14:19 padone inikite a pèp Ou a.
Ou te kouvri tout peche yo.
Ou te retire tout gran kòlè Ou.
Ou te Egz 32:12 detounen kòlè Ou ki brile a.
Restore nou, O Bondye a sali nou an,
e Dan 9:16 fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.
Èske Sòm 74:1 Ou va fache avèk nou jis pou tout tan?
Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?
Èske se pa Ou menm ki pou fè nou Sòm 71:20 reprann ankò?
Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?
Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ.
Sòm 106:4 Pèmèt nou resevwa sali Ou a.
Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di.
Paske La p Sòm 29:11 pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo,
men pa kite yo retounen nan foli yo.
Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo,
pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.
10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm.
Sòm 72:3Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
11 Verite És 45:8 vòltije sòti nan latè, e
Ladwati veye depi anwo nan syèl la.
12 Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon,
e Lev 26:4 peyi nou an va bay rekòlt li.
13 Ladwati va mache devan L.
L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.

85:1 Egz 1:11

85:2 Nonb 14:19

85:3 Egz 32:12

85:4 Dan 9:16

85:5 Sòm 74:1

85:6 Sòm 71:20

85:7 Sòm 106:4

85:8 Sòm 29:11

85:10 Sòm 72:3

85:11 És 45:8

85:12 Lev 26:4