74
Yon Sòm Asaph
1 O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan?
Poukisa kòlè Ou ✡ Det 29:20 fè lafimen kont mouton
patiraj Ou an?
2 Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan
ansyen yo,
sa yo ke Ou te ✡ Egz 15:13rachte pou fè tribi eritaj pa Ou:
Mòn Sion sila a, kote Ou te abite.
3 Vire pa Ou yo pou rive kote mazi ki
kraze nèt yo,
kote lènmi a ✡ Sòm 79:1 fin fè tout mechanste li
anndan sanktiyè a.
4 Advèsè Ou yo te vin anraje
nan mitan kote asanble Ou a.
Yo fin monte ✡ Nonb 2:2 pwòp drapo yo
kon avètisman an.
5 Yo aji kòn yon moun k ap
leve ✡ Jr 46:22 rach li nan mitan yon forè bwa.
6 Epi koulye a, tout travay skilpti li yo, ✡ I Wa 6:18-35
yo kraze ak rach avèk mato.
7 Yo fin ✡ II Wa 25:9 brile sanktiyè Ou a jis rive atè.
Yo te souye abitasyon ki fèt
nan non Ou an.
8 Yo te ✡ Sòm 83:4 pale nan kè yo: “Annou
kraze yo nèt.”
Yo te brile tout kote asanble Bondye
nan tout peyi a.
9 Nou paz ankò wè mèvèy yo.
✡ I Sam 3:1Nanpwen pwofèt ankò.
Ni pa genyen pami nou ki konnen
konbyen de tan sa va dire.
10 Konbyen de tan, O Bondye,
advèsè a va moke nou ak mo brile?
Èske se pou tout tan lènmi an
va ✡ Lev 24:16giyonnen non Ou konsa?
11 Poukisa Ou retire men Ou?
Sitou men dwat Ou?
Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou
pou ✡ Sòm 59:13detwi yo!
12 Men Bondye se ✡ Sòm 44:4 Wa mwen
depi nan tan ansyen yo.
Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.
13 Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou.
Ou te kraze tèt ✡ Sòm 148:7gwo bèt lanmè yo.
14 Ou te kraze tèt ✡ Job 41:1 Levyatan an.
Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.
15 Ou te fè pete sous ki koule dlo fre.
Ou te seche gwo rivyè ki pa t janm
konn sèch yo.
16 Jou yo se pou Ou,
anplis, nwit yo se pou Ou.
Ou te ✡ Jen 1:14-18 prepare limyè a avèk solèy la.
17 Ou te etabli tout lizyè latè yo.
Ou te fè ✡ Det 32:8 sezon ete ak sezon livè.
18 Sonje bagay sa a, O SENYÈ,
ke lènmi yo te meprize Ou,
e ✡ Det 32:6 yon pèp ki plen ak foli te refize
non Ou.
19 Pa livre nanm a toutrèl Ou
a bèt sovaj yo.
Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.
20 Konsidere akò Ou, paske
✡ Sòm 88:6 kote fènwa yo nan peyi a,
plen ak abitasyon vyolans yo.
21 Pa kite ✡ Sòm 103:6 oprime yo retounen
nan gwo wont.
Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.
22 Leve, O Bondye! Plede koz Ou!
Sonje jan ✡ Sòm 14:1 lòm plen foli meprize Ou
tout lajounen.
23 Pa bliye vwa advèsè Ou yo.
✡ Sòm 65:7 Gwo zen a sila ki leve kont Ou yo
monte tout tan, san rete.