88
Yon Chan. Yon Sòm a fis a Koré yo
Pou direktè Koral la; selon melodi “Soufrans Afliksyon An”.
Yon refleksyon pa Héman, Ezrachit la
O SENYÈ, Bondye sali mwen an,
Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.
Kite priyè a Sòm 18:6 vini devan Ou.
Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!
Paske nanm mwen gen kont twoub li.
Sòm 107:18Lavi m vin toupre sejou lanmò a.
Mwen vin konte pami sila ki Sòm 28:1 desann nan fòs yo.
Mwen parèt tankou yon nonm san fòs,
abandone pami mò yo, tankou sila
ki te touye e kouche nan tonm yo.
Sila a nou pa sonje ankò menm,
ki Sòm 31:22 koupe retire nan men Ou.
Ou te mete m nan Sòm 86:13 fòs pi ba a, nan plas
fènwa yo, nan fon yo.
Kòlè Ou Sòm 32:4 vin poze sou mwen, e Ou te
aflije m ak tout vag lanmè Ou yo.
Tan
Ou te retire tout moun mwen konnen
byen lwen m.
Ou te fè m yon objè abominab devan yo.
Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.
Zye m gen tan pouri akoz afliksyon.
Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ.
Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.
10 Èske Ou va fè mirak pou mò yo?
Èske Sòm 6:5 lespri ki fin pati yo va leve pou bay
Ou lwanj?
Tan
11 Èske lanmò dous Ou a va deklare
nan tonbo a?
Fidelite Ou nan labim nan?
12 Èske mirak Ou yo va fèt parèt
nan Job 10:21 tenèb la?
Oswa ladwati Ou nan peyi
kote tout bagay bliye yo?
13 Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye.
Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.
14 O SENYÈ, poukisa Ou rejte nanm mwen?
Poukisa Ou Job 13:24kache figi Ou kont mwen?
15 Mwen te aflije e Pwov 24:11 prèt pou mouri depi
nan jenès mwen.
Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo,
mwen distrè nèt.
16 Kòlè Ou ki brile fin pase sou mwen.
Gwo laperèz Ou yo te Lam 3:54koupe retire m.
17 Yo fin antoure mwen tankou dlo
tout lajounen.
Yo Sòm 17:11ansèkle m nèt.
18 Ou te retire zanmi m ak sila
ki renmen m nan lwen m nèt,
ak moun mwen konnen yo nan tenèb.

88:2 Sòm 18:6

88:3 Sòm 107:18

88:4 Sòm 28:1

88:5 Sòm 31:22

88:6 Sòm 86:13

88:7 Sòm 32:4

88:10 Sòm 6:5

88:12 Job 10:21

88:14 Job 13:24

88:15 Pwov 24:11

88:16 Lam 3:54

88:17 Sòm 17:11