LIV 5
107
O bay remèsiman a Bondye, paske II Kwo 5:13Li Bon,
paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.
Kite És 35:9-10rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!”
Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,
e te Det 30:20ranmase soti nan peyi yo,
soti nan lès e soti nan lwès,
soti nan nò e soti nan sid.
 
Yo te Nonb 14:33mache egare nan dezè yo.
Yo pa t jwenn yon vil pou yo ta rete.
Yo te grangou ak swaf.
Sòm 77:3Nanm yo te fennen anndan yo.
Yo te Sòm 50:15kriye fò a SENYÈ a nan gran twoub yo,
Konsa, Li te delivre yo sòti nan twoub yo.
Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat,
pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.
Sòm 107:15-31Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,
pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
 
Paske Li te satisfè nanm swaf la, e
Sòm 146:7nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.
 
10 Te gen sila ki te viv nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò yo,
Job 36:8Prizonye yo nan mizè ak chenn yo,
11 akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a,
e te meprize Sòm 73:24konsèy a Pi Wo a.
12 Akoz sa, Li te imilye kè yo ak travay fòse.
Yo te chape tonbe e Sòm 22:11pa t gen moun ki pou bay yo sekou.
13 Epi nan gwo pwoblèm yo, yo te Sòm 107:6rele fò a SENYÈ a.
Li te delivre yo sòti nan gwo twoub yo.
14 Li te Sòm 86:13mennen yo sòti nan tenèb la,
nan lonbraj lanmò a, e te kase chire kòd li yo.
15  Sòm 107:8-31Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou
Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
 
16 Paske Li te És 45:1-2kraze pòtay an bwonz yo,
e te koupe ba fè yo.
 
17 Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo
e És 65:6-7akoz inikite yo, yo te aflije.
18 Nanm yo te rayi tout kalite manje
e yo te rive toupre Job 38:17 pòtay lanmò yo.
19 Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo,
e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.
20 Li te voye pawòl Li pou te geri yo,
pou te Job 33:28-30delivre yo sòti nan destriksyon yo.
21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,
ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
 
22 Anplis, kite yo ofri Lev 7:12sakrifis a remèsiman yo
e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.
23 Sila ki És 42:10desann bò kote lanmè nan bato yo,
ki fè komès sou gwo dlo yo,
24 yo te konn wè zèv SENYÈ yo,
avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.
25 Paske Li te pale e fè leve yon gwo van tanpèt,
ki te Sòm 93:3,4fè leve gwo vag lanmè yo.
26 Yo te leve jis rive nan syèl yo e te desann jis rive nan fon yo.
Nanm yo te Sòm 22:14fann avèk mizè.
27 Yo te gaye, bite tankou moun sou.
Yo te fin about nèt.
28 Yo te kriye a Bondye nan mizè yo,
e Li te mennen yo sòti nan twoub yo.
29 Li Sòm 65:7te fè tanpèt la vin kalm,
jiskaske vag lanmè yo te vin kalm.
30 Konsa, yo te kontan akoz yo te kalme,
e Li te gide yo pou rive nan pò ke yo te pito a.
31 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,
pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
 
32 Kite yo Sòm 34:3leve L wo, anplis, nan asanble a pèp la,
e beni Li nan asanble ansyen yo.
 
33 Li I Wa 17:1-7chanje rivyè yo vin tounen dezè,
e sous dlo yo an tè deseche.
34 Yon tè fètil vin tounen savann tè sale,
akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.
35 Li Sòm 105:41chanje dezè a vin tounen gwo sous dlo,
e tè deseche a an sous k ap koule.
36 Epi la, li fè moun grangou yo vin rete,
pou yo vin etabli Sòm 107:4-7yon vil ki plen moun,
37 pou yo ka plante chan yo,
II Wa 19:29plante chan rezen yo,
e ranmase yon gwo rekòlt.
38 Anplis, Li beni yo!
Yo Jen 12:2miltipliye anpil,
e li pa kite bèt chan pa yo bese.
39 Lè yo II Wa 10:32vin febli, koube nèt,
akoz opresyon avèk mizè ak tristès,
40 Li Job 12:21vide wont sou prens yo e
fè yo vin mache egare nan yon savann ki san chemen.
41 Men Li I Sam 2:8fè malere a chita wo ansekirite,
byen lwen tout afliksyon,
e fè fanmi li yo byen pwoteje kon yon twoupo.
42 Moun Job 22:19dwat yo wè l e yo kontan.
Men tout mechan yo fèmen bouch yo.
43 Se kilès ki Sòm 64:9saj? Kite li bay atansyon a bagay
sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.

107:1 II Kwo 5:13

107:2 És 35:9-10

107:3 Det 30:20

107:4 Nonb 14:33

107:5 Sòm 77:3

107:6 Sòm 50:15

107:8 Sòm 107:15-31

107:9 Sòm 146:7

107:10 Job 36:8

107:11 Sòm 73:24

107:12 Sòm 22:11

107:13 Sòm 107:6

107:14 Sòm 86:13

107:15 Sòm 107:8-31

107:16 És 45:1-2

107:17 És 65:6-7

107:18 Job 38:17

107:20 Job 33:28-30

107:22 Lev 7:12

107:23 És 42:10

107:25 Sòm 93:3,4

107:26 Sòm 22:14

107:29 Sòm 65:7

107:32 Sòm 34:3

107:33 I Wa 17:1-7

107:35 Sòm 105:41

107:36 Sòm 107:4-7

107:37 II Wa 19:29

107:38 Jen 12:2

107:39 II Wa 10:32

107:40 Job 12:21

107:41 I Sam 2:8

107:42 Job 22:19

107:43 Sòm 64:9