93
SENYÈ a renye!
Li abiye an majeste!
SENYÈ a te abiye Li ak fòs.
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li pa ebranle menm.
Twòn Ou etabli depi tan ansyen an.
Ou la depi nan etènite.
Flèv yo te leve, O SENYÈ,
Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo.
Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde,
SENYÈ anwo a pwisan.
Sòm 19:7 Regleman Ou yo kanpe nèt;
Sentete byen bèl lakay Ou a
O SENYÈ, jis pou tout tan.

93:5 Sòm 19:7