94
 1 O SENYÈ, Bondye a ✡Det 32:35 vanjans lan,  
Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!   
 2 Vin leve, O ✡Jen 18:25 Jij sou tè a.  
Bay rekonpans a moun ògeye yo.   
 3 Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,  
pou konbyen de tan ✡Job 20:5 mechan yo va leve tèt yo wo?   
 4 Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.  
Tout moun ki fè mechanste yo ✡Sòm 10:3 vante tèt yo.   
 5 Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.  
✡És 3:15Yo aflije eritaj Ou a.   
 6 Yo ✡És 10:2 touye vèv yo avèk etranje a.  
Yo asasine òfelen yo.   
 7 ✡Job 22:13 Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye  
Jacob la p ap okipe sa a.”   
 8 Veye sa a, nou menm ki ✡Sòm 92:6 ensansib pami pèp la;  
Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?   
 9 Sila ki te ✡Egz 4:11 plante zòrèy la, èske Li pa tande?  
Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.   
 10 Sila ki fè chatiman nasyon yo,  
èske Li p ap fè repwòch?  
Sila ki ✡Job 35:11 enstwi lòm; Li konnen!   
 11 SENYÈ a ✡Job 11:11 konnen panse a lòm,  
ke se sèlman yon souf ke yo ye.   
 12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,  
O SENYÈ,  
ke Ou ✡Sòm 119:171 enstwi nan lalwa Ou a,   
 13 pou Ou kapab bay li sekou nan ✡Sòm 49:5jou advèsite yo,  
jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.   
 14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,  
ni Li p ap ✡Sòm 37:28 lage pèp eritaj Li a.   
 15 Paske ✡Sòm 97:2 jijman an va devni dwat ankò e  
tout pèp ladwati yo va swiv li.   
 16 Se kilès ki va ✡Nonb 10:35 kanpe pou mwen kont malfektè yo?  
Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?   
 17 Si ✡Sòm 124:1-2 SENYÈ a pa t sekou mwen,  
nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.   
 18 Si mwen ta di: ✡Sòm 38:16 “Pye m glise,”  
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.   
 19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,  
✡És 57:18 konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.   
 20 Èske yon ✡Am 6:3 twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?  
Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?   
 21 Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,  
e ✡Egz 23:7 kondane inosan yo a lanmò.   
 22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e  
Bondye mwen an, ✡Sòm 18:2 wòch ki pwoteje mwen an.   
 23 Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e  
va ✡Sòm 7:16 koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.  
SENYÈ nou an va koupe retire yo.