38
Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab
O SENYÈ, Sòm 6:1pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
Paske Job 6:4flèch Ou yo fin antre fon anndan m,
epi men Ou fin peze m.
És 1:6Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,
akoz endiyasyon Ou.
Nanpwen lasante nan zo m yo
akoz peche mwen.
Paske Esd 9:6inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.
Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz Sòm 69:5foli mwen.
Mwen fin koube nèt e Sòm 35:14bese anpil.
Mwen ap fè doulè tout lajounen.
Paske ren mwen plen ak Sòm 102:3brile.
Nanpwen anyen ansante nan chè m.
Mwen Lam 1:13-20pa kab santi anyen ankò.
Mwen fin kraze nèt.
Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
SENYÈ, tout volonte m devan Ou.
Tout Sòm 6:5 plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
10 Kè m bat fò, Sòm 31:10fòs mwen kite m.
Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo
kanpe nan distans akoz touman m.
Fanmi m yo Luc 23:49kanpe byen lwen.
12 Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.
Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.
Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri,
mwen pa tande;
Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.
E nan bouch mwen, pa gen repons.
15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.
Ou Sòm 17:6va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.
Pou lè pye m chape, pou yo Sòm 35:26ta vante tèt yo kont mwen.”
17 Paske mwen prèt pou tonbe.
Sòm 13:2Tristès mwen devan m tout tan.
18 Konsa, mwen konfese inikite mwen.
Mwen ranpli avèk II Kor 7:9-10 regrè akoz peche m.
19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò.
Yo anpil ki Sòm 35:19rayi mwen san koz.
20 Sila ki remèt mal pou byen yo
se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
21 Pa abandone m, O SENYÈ.
O Bondye m nan, Sòm 22:19pa rete lwen m!
22 Fè vit pou ede mwen,
O SENYÈ, delivrans mwen an!

38:1 Sòm 6:1

38:2 Job 6:4

38:3 És 1:6

38:4 Esd 9:6

38:5 Sòm 69:5

38:6 Sòm 35:14

38:7 Sòm 102:3

38:8 Lam 1:13-20

38:9 Sòm 6:5

38:10 Sòm 31:10

38:11 Luc 23:49

38:15 Sòm 17:6

38:16 Sòm 35:26

38:17 Sòm 13:2

38:18 II Kor 7:9-10

38:19 Sòm 35:19

38:21 Sòm 22:19