9
Alò, lè bagay sa yo te fini, chèf yo te vin kote mwen epi te di: “Pèp Israël la avèk prèt ak Levit yo pa t separe yo menm de pèp peyi yo, men te swiv Lev 18:24-30 abominasyon pa yo, menm sila nan Canaan yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Jebizyen yo, Amonit yo, Moabit yo, Ejipsyen yo ak Amoreyen yo. Paske Det 7:3 yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.”
Lè mwen te tande afè sila a, mwen te II Wa 18:37 chire vètman mwen. Mwen te rache cheve nan tèt mwen avèk bab mwen e mwen te vin Né 1:4chita, dezole nèt. Konsa, tout moun ki te tranble sou pawòl Bondye Israël la akoz enfidelite a moun egzil yo, te rasanble kote mwen. Epi mwen te chita dezole nèt jis rive nan Egz 29:39 ofrann aswè a.
Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te Egz 9:29 lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e Esd 9:13-15 koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo. II Kwo 29:6 Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a. Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon És 22:23 pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab Sòm 13:3klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an. Né 9:36 Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem.
10 “Alò, Bondye nou an, kisa nou va di apre sa? Paske nou te abandone kòmandman Ou yo, 11 ke Ou te kòmande pa sèvitè Ou yo, pwofèt yo, lè Ou te di: ‘Peyi ke nou ap antre pou posede a se yon peyi ki pa pwòp avèk moun ki pa pwòp nan peyi yo, avèk abominasyon pa yo avèk sila yo te akonpli soti nan yon pwent jis rive nan yon lòt Esd 6:21 ak lempite pa yo. 12 Pou sa, pa Egz 34:15-16 bay fi nou yo a fis nou yo, ni pran fi pa yo pou fis pa nou, Det 23:6pa janm chache lapè yo ak pwosperite yo, pou nou kapab kenbe kouraj nou e manje bon bagay peyi a, e lese li kon yon eritaj a fis nou yo jis pou tout tan.’
13 “Apre tout sa ki te rive sou nou pou zak mechan nou yo ak Esd 9:6-7 gran koupabilite nou yo, akoz Ou menm, Bondye nou an, te remèt nou mwens ke linikite nou yo merite, e te ban nou yon retay chape kon sila a, 14 konsa, èske nou ap ankò kraze kòmandman Ou yo, e fè maryaj ak pèp ki fè abominasyon sila yo? Det 9:8-14 Èske Ou pa t ap fache avèk nou jis nan pwen pou detwi nou, jis pa menm gen yon retay, ni okenn moun ki chape? 15 O SENYÈ a, Bondye Israël la, Né 9:33 Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e Sòm 130:3 pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”

9:1 Lev 18:24-30

9:2 Det 7:3

9:3 II Wa 18:37

9:3 Né 1:4

9:4 Egz 29:39

9:5 Egz 9:29

9:6 Esd 9:13-15

9:7 II Kwo 29:6

9:8 És 22:23

9:8 Sòm 13:3

9:9 Né 9:36

9:11 Esd 6:21

9:12 Egz 34:15-16

9:12 Det 23:6

9:13 Esd 9:6-7

9:14 Det 9:8-14

9:15 Né 9:33

9:15 Sòm 130:3