6
1 Wa Darius te pibliye yon dekrè e ✡ Esd 5:17 yon rechèch te fèt nan achiv yo kote trezò yo te depoze Babylone nan. 2 Nan ✡ II Wa 17:6 Achemetha, nan fò a, ki nan pwovens a Médie a, yo te twouve yon woulo e ladann te ekri konsa kon yon rekòd anrejistre:
3 ✡ Esd 1:1 Nan premye ane a Wa Cyrus la, Cyrus, wa a, te pibliye yon dekrè: Sou kay Bondye nan Jérusalem nan, kite tanp kote sakrifis konn vin ofri yo vin rebati e kite fondasyon li yo konsève, wotè ki swasant koude a e lajè ki swasant koude a 4 ✡ I Wa 6:36 avèk twa ranje gwo wòch taye ak yon ranje an bwa. Epi kite frè a peye soti nan trezò wa a. 5 Anplis, kite ✡ Esd 1:7 zouti an lò avèk ajan ki pou lakay Bondye yo, ke Nebucadnetsar te pran soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote Babylone nan, remèt e fè retounen nan plas yo nan tanp Jérusalem nan; epi nou va depoze yo nan kay Bondye a.
6 Alò, pou sa, ✡ Esd 5:3 Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la. 7 Kite travay sila sou kay Bondye a kontinye; kite gouvènè a Jwif yo avèk ansyen a Jwif yo rebati lakay Bondye a sou sit anplasman li an. 8 Anplis, ✡ Esd 6:4 Mwen menm, Darius, ap bay yon dekrè sou sa nou gen pou fè pou ansyen sila yo nan Juda pou rekonstriksyon lakay Bondye sila a: tout frè li se pou peye a pèp sila yo soti nan kès trezò ki sòti nan taks ki sòti nan pwovens lòtbò rivyè yo, Epi sa dwe fèt san fè reta. 9 Nenpòt sa ki nesesè, ni jenn towo, belye, ni jenn mouton pou ofrann brile a Bondye syèl la e ble, sèl, diven ak lwil onksyon, jan prèt Jérusalem yo mande a, fòk sa bay a yo chak jou san manke, 10 Pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la e ✡ Esd 7:23 priye pou lavi a wa a avèk fis li yo. 11 Epi mwen te pibliye yon lòd ke ✡ Esd 7:26 nenpòt moun ki vyole dekrè sa a, yon travès bwa va rache sou pwòp kay li, li va leve wo e atache sou li. E lakay li va devni yon gwo pil fatra. 12 Ke Bondye ✡ Det 12:5-11 ki te fè non Li rete la, ta dechouke nenpòt wa oswa pèp ki ta leve men l chanje sa a pou li ta detwi kay Bondye sa a, Jérusalem. Mwen, Darius, te pase lòd sa a; kite li akonpli avèk dilijans!
13 Alò, ✡ Esd 6:6 Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kolèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.
14 Epi ✡ Esd 5:1-2 ansyen pami Jwif yo te reyisi nan konstriksyon an selon asistans pwofesi ki t ap fèt pa Aggée avèk Zacharie yo, fis a Iddo a. Epi yo te fin bati selon lòd Bondye Israël la, dekrè a Cyrus la, Darius ak Artaxerxès, wa a Perse la. 15 Tanp sa a te fini sou twazyèm jou nan ✡ Est 3:7 mwa Adar a; li te nan sizyèm ane règn Wa Darius la.
16 Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo te ✡ I Wa 8:63 selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa. 17 Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton e kon ofrann peche pou tout Israël la, ✡ Esd 8:35 douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo. 18 Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, ✡ Nonb 3:6 jan sa ekri nan liv Moïse la.
19 Moun egzil yo te obsève fèt Pak la nan ✡ Egz 12:6 katòzyèm jou nan premye mwa a. 20 Paske, prèt yo avèk Levit yo te fin pirifye yo ansanm; yo tout nan yo te pwòp. Epi ✡ II Kwo 35:11 yo te touye jenn mouton Pak la pou tout moun egzil yo, ni pou frè pa yo, prèt yo ak pou yo menm. 21 Fis a Israël ki te retounen an egzil yo e ✡ Né 9:2 tout sila ki te separe yo menm de lempite a nasyon nan peyi yo pou fè ansanm avèk yo, pou chache SENYÈ a, Bondye Israël la, te manje Pak la. 22 Epi ✡ Egz 12:15 yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi e ✡ Esd 7:27 te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.