3
Alò sa yo se chif desandan a Aaron Egz 6:20-27 avèk Moïse nan tan lè SENYÈ a te pale avèk Moïse sou Mòn Sinaï a.
Sa yo se non a fis Aaron yo: Nadab, premye ne a, Abith, Éléazar ak Ithamar. Sa yo se non a fis Aaron yo, prèt Egz 28:41 onksyone ke li te konsakre pou sèvi kòm prèt yo. Lev 10:1-2Men Nadab avèk Abihu te mouri devan SENYÈ a lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a nan dezè Sinaï a. Yo pa t gen pitit. Konsa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kòm prèt pandan papa yo, Aaron, t ap viv.
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: Nonb 8:6-22 “Mennen tribi Levi a vin pre ou, e fè yo chita devan Aaron, prèt la, pou yo kapab sèvi li. Yo va ranpli devwa pou li ak pou tout kongregasyon an devan tant asanble a, pou fè Nonb 1:50 sèvis tabènak la. Yo va osi kenbe tout zafè ki founi tant asanble a, ansanm avèk devwa a fis Israël yo, pou fè sèvis tabènak la. Konsa ou va Nonb 18:6 bay Levit yo a Aaron avèk fis li yo; yo va bay nèt a li pami fis Israël yo. 10 Konsa, ou va chwazi Aaron avèk fis li yo pou Egz 29:9 yo kapab ranpli fonksyon prèt yo, men Nonb 1:51nenpòt lòt moun ki pwoche va vin mete a lanmò.”
11 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 12 “Alò, veye byen, Mwen Nonb 3:45te pran Levit yo pami fis Israël yo olye de chak Egz 13:2premye ne, premye bebe a chak vant pami fis Israël yo. Konsa, Levit yo se pa M. 13 Paske, Egz 13:2 tout premye ne se pa M yo ye. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye pou Mwen menm tout premye ne an Israël yo soti nan lòm pou rive nan bèt yo. Yo va pou Mwen; Mwen se SENYÈ a.”
14 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse Egz 19:1nan dezè Sinaï a. Li te di: 15  Nonb 1:47“Konte fis a Levi yo selon lakay papa pa yo, pa fanmi yo; tout gason soti nan laj a yon mwa oswa plis, ou va konte yo.” 16 Alò, Moïse te konte yo selon pawòl a SENYÈ a, jis jan ke li te kòmande a.
17 Konsa, Egz 6:16-22se sa yo ki te fis a Levi yo pa non yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
18 Sa se non a Egz 6:17 fis a Guerschon yo selon fanmi pa yo: Libni ak Schimeï; 19 Fis a Kehath yo selon fanmi pa yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel; 20 Fis a Merari yo selon fanmi pa yo: Machli ak Muschi. Sa yo se fanmi Levit yo selon lakay papa pa yo.
21 Nan Guerschon te sòti fanmi a Libni yo ak fanmi a Schimeï yo. Sa yo se te fanmi a Gèchonit yo. 22 Nan mesye konte yo tout gason soti nan yon mwa oswa plis te vin konte nan sèt-mil-senk-san (7,500). 23 Fanmi a Gèchonit yo te toujou gen pou fè kan dèyè tabènak la nan kote lwès la. 24 Chèf a lakay papa yo pami Gèchonit yo te Élaisaph, fis a Laël la. 25 Alò, Nonb 4:24-26devwa a fis Guerschon yo nan tant asanble a se te tabènak la avèk tant lan, kouvèti li, rido pòtay tant asanble a, 26  Egz 27:9-15bagay pandye sou galeri a, ki antoure tabènak la ak lotèl la, e kòd li yo avèk tout sèvis konsènan li yo.
27 Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo. 28 Nan konte tout gason nan laj yon mwa oswa plis, te gen ui-mil-sis-san (8,600) ki t ap fè devwa sanktyè a. 29 Fanmi a Kehath yo te gen pou fè kan nan kote sid a tabènak la, 30 epi chèf a tout kay papa yo pou Kehath yo se te Élitsaphan, fis a Uziel la. 31 Alò, devwa pa yo se te Egz 25:10-22 lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo. 32 Éléazar, fis a Aaron an se te chèf an tèt a chèf Levit yo, e li te responsab pou tout sila ki te fè devwa sanktyè a.
33 Nan Merari, te sòti fanmi a Machli yo ak fanmi Muschi yo. Se sa yo ki te fanmi a Merari yo. 34 Mesye pa yo ki te konte pa tout gason ak laj yon mwa oswa plis yo, te si-mil-de-san (6,200). 35 Chèf a lakay papa Merari yo se te Tsuriel, fis a Abihaïl la. Yo te gen pou fè Nonb 1:53 kan sou kote nò a tabènak la. 36 Alò, devwa a fis Merari yo se te pou okipe ankadreman tabènak la, poto li yo, baz reseptikal li yo, tout bagay sa yo avèk sèvis ki konsène yo, 37 ak pilye ki antoure galeri a, avèk baz reseptikal pa yo avèk pikèt ak kòd yo.
38 Alò, sila ki te gen pou fè Nonb 1:53 kan devan tabènak la vè lès la devan tant asanble a, vè solèy leve a, se te Moïse avèk Aaron avèk fis li yo, ki pou fè devwa sanktyè yo, pou ranpli obligasyon a fis Israël yo. Men nenpòt moun ki pa prèt va vin mete a lanmò si li vin toupre.
39 Tout mesye ki te konte pami Levit yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmand a SENYÈ a, pa fanmi pa yo, tout gason ki te gen yon mwa oswa plis, te Nonb 3:43 venn-de-mil (22,000).
40 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: Nonb 3:15 “Konte tout gason, premye ne pami fis Israël yo soti nan laj yon mwa oswa plis, e fè yon chif ak non yo. 41 Ou Nonb 3:12-45 va pran Levit yo pou Mwen—Mwen se SENYÈ a—olye de premye ne pami fis Israël yo; ak bèt a Levit yo olye de tout premye ne nan bèt a fis Israël yo.”
42 Konsa, Moïse te konte tout premye ne pami fis Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande li a. 43 Tout premye ne nan gason yo soti nan laj a yon mwa oswa plis, mesye ki te konte pou yo te venn-de-mil-de-san-swasann-trèz Nonb 3:39 22,273 44 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 45  Nonb 3:12 “Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a. 46  Egz 13:13-15 Pou ranson a de-san-swasann-trèz (273) nan premye ne an Israël ki plis ke Levit yo, 47 ou va pran Lev 27:6 senk sik pou chak, pa tèt. Ou va pran yo an valè sik sanktyè a (sik la se ven gera), 48 epi bay Aaron avèk fis li lajan la, ki te peye pou ranson pa Levit yo.”
49 Moïse te pran lajan ranson an ki sòti nan sila ki te anplis sila ki te ransonen pa Levit yo; 50 nan men a premye ne a fis Israël yo, li te pran lajan an an valè sik sanktyè a, mil-twa-san-swasann-senk (1,365) sik. 51 Epi Moïse te bay lajan ranson an bay Aaron avèk fis li yo, selon kòmand a SENYÈ a, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.

3:1 Egz 6:20-27

3:3 Egz 28:41

3:4 Lev 10:1-2

3:6 Nonb 8:6-22

3:7 Nonb 1:50

3:9 Nonb 18:6

3:10 Egz 29:9

3:10 Nonb 1:51

3:12 Nonb 3:45

3:12 Egz 13:2

3:13 Egz 13:2

3:14 Egz 19:1

3:15 Nonb 1:47

3:17 Egz 6:16-22

3:18 Egz 6:17

3:25 Nonb 4:24-26

3:26 Egz 27:9-15

3:31 Egz 25:10-22

3:35 Nonb 1:53

3:38 Nonb 1:53

3:39 Nonb 3:43

3:40 Nonb 3:15

3:41 Nonb 3:12-45

3:43 Nonb 3:39

3:45 Nonb 3:12

3:46 Egz 13:13-15

3:47 Lev 27:6