28
“Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, Egz 24:1,9 Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo.
“Ou va fè Egz 39:1-31 vètman sen pou Aaron, frè ou a, pou onore li, e pou l byen parèt. Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt.
“Sa yo se vètman ke yo va fè: yon Egz 28:15-43 pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen. Yo va pran Egz 25:3 lò a avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fin blan an.
“Yo va osi fè Egz 39:2-7 efòd la avèk lò, avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fen blanc ki byen tòde, travay a yon mèt ouvriye byen prepare. Li va gen de pyès zepòl ki jwenn nan pwent li yo, pou li kapab jwenn ansanm. Bann tise ki fèt avèk yon bòdi byen prepare sou li a, va menm jan ak kalite travay a li menm nan, avèk menm twal la: an lò, ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde a.
“Ou va pran de pyè oniks, e grave sou yo non a fis Israël yo. 10 Sis nan non yo va sou yon pyè, e sis ki rete yo sou lòt pyè a, selon lòd nesans yo. 11 Ak travay a yon mèt grave sou bijou, tankou fèt pou yon so, ou va grave sou pyè yo selon non a fis Israël yo. Ou va monte monti fèt an lò yo. 12 Ou va mete de pyè sa yo sou pyès zepòl yo nan efòd la, kòm pyè pou toujou sonje fis Israël yo. Konsa, Aaron va Egz 28:29 pote non pa yo devan SENYÈ a sou de zepòl li yo tankou yon bagay komemoratif. 13  Egz 39:16-18 Ou va pozisyone l sou yon monti fèt an lò, 14 ak de chèn an lò pi, Ou va fè yo tankou èv kòd ki tòde, e ou va mete chèn trese yo sou monti lò yo.
15  Egz 39:8-21 “Ou va fè yon pyès jijman pou lestomak, èv a yon mèt ouvriye; tankou èv efòd la, ou va fè li: avèk lò, twal ble, mov, e wouj, tòde byen fen ou va fè li. 16 Li va kare, plwaye doub, yon epann lajè yon men louvri nan lajè, e yon epann nan longè.
17 “Ou va monte sou li kat ranje nan pyè yo; premye ranje a va yon ranje avèk woubi, topaz ak emwod; 18 epi dezyèm ranje a yon tikwaz, yon safi, avèk yon dyaman; 19 epi twazyèm ranje a, yon opal, yon agat, ak yon ametis; 20 epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp; yo va plase nan monti an lò yo. 21 Pyè yo va selon non fis Israël yo: douz selon non pa yo. Yo va grave yo tankou sa ki fèt nan selil yo, yo chak Rev 7:4-8 selon non pa yo pou douz tribi yo.
22 “Ou va fè sou pyès lestomak la, chèn tankou kòd ki tòde, yon zèv ki fèt avèk lò pi. 23 Ou va fè nan pyès lestomak la de wondèl an lò, e ou va mete de wondèl yo nan de pwent yo nan pyès lestomak la. 24 Ou va mete de kòd lò yo nan de wondèl yo nan pwent a pyès lestomak yo. 25 Ou va mete lòt de pwent kòd yo nan de monti fèt byen fen yo, e mete yo sou pyès zepòl a efòd la, pa devan li.
26 “Ou va fè de wondèl an lò e ou va plase yo sou de pwent pyès lestomak yo, akote li, ki se bò kote anndan efòd la. 27 Ou va mete de wondèl an lò e ou va mete yo nan pati anba pyès efòd yo, pa devan li, toupre plas kote li jwenn nan, anwo bann tise byen fen nan efòd la. 28 Yo va atache pyès lestomak la pa wondèl li yo ak wondèl efòd yo avèk yon kòd an ble, pou li kapab sou bann nan ki trese byen fen nan efòd la, pou pyès lestomak la pa vin detache nan efòd la.
29 “Aaron va pote non a fis Israël yo nan pyès lestomak jijman an sou kè li lè l ap antre nan lye sen an, kòm yon souvni pou tout tan devan SENYÈ a. 30  Lev 8:8Ou va mete nan pyès lestomak jijman an, Det 33:8Ourim nan avèk Toumim nan, e yo va sou kè Aaron lè l ap antre devan SENYÈ a. Konsa, Aaron va pote jijman a fis Israël yo sou kè li tout tan devan SENYÈ a.
31  Egz 39:22-26 “Ou va fè tout manto efòd la an ble. 32 Va genyen yon ouvèti nan tèt anwo li, nan mitan li. Ozanviwon ouvèti li va genyen yon bòdi ak zèv trese, tankou ouvèti nan yon pwotèj batay, pou li pa chire. 33 Ou va fè nan woulèt li grenad ak materyèl ble, mov, e wouj, toutotou woulèt li, ak klòch an lò antre yo chak toutotou: 34 yon klòch an lò ak yon grenad, yon klòch an lò ak yon grenad, toutotou woulèt manto a. 35 Li va sou Aaron lè l ap fè sèvis li; epi son li va tande lè l ap antre e soti nan lye sen an devan SENYÈ a, jis pou li pa mouri.
36 “Ou va osi fè yon Egz 39:30,31plak avèk lò pi, e li va grave sou li, jan li grave a yon so: Za 14:20“Sen a SENYÈ a.” 37 Ou va tache li avèk yon kòd ble, e li va rete sou tiban an; li va pa devan tiban an. 38 Li va sou fwon Aaron, e Aaron va retire inikite nan bagay sen ke fis Israël yo konsakre yo, selon tout ofrann sen pa yo; epi li va toujou sou fwon li, pou Lev 22:27 yo kapab aksepte devan SENYÈ a. 39 Ou va trese yon Egz 39:27-29 tinik avèk modèl kare avèk twal fen blan, ou va fè yon tiban avèk twal fen blan, e ou va fè yon sentiwon bwode, èv a yon bòs tiseran. 40 Pou fis Aaron yo ou va fè Egz 28:4 tinik yo; ou va osi fè sentiwon pou yo. Ou va fè chapo pou yo, pou onore yo, e pou fè yo byen parèt. 41 Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va Egz 29:7,9 vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.
42 “Ou va fè pou yo Lev 6:10 pantalon avèk len pou kouvri nidite yo. Yo va sòti nan ren yo jis rive nan kwis yo. 43 Yo va sou Aaron avèk fis li yo lè y ap antre nan tant reyinyon an, oswa Egz 20:26; Egz 27:21lè y ap pwoche lotèl la pou fè sèvis nan lye sen an, pou yo pa atire koupabilite, e mouri.
“Sa va yon règleman pou tout tan pou li, e pou desandan apre li yo.”

28:1 Egz 24:1,9

28:2 Egz 39:1-31

28:4 Egz 28:15-43

28:5 Egz 25:3

28:6 Egz 39:2-7

28:12 Egz 28:29

28:13 Egz 39:16-18

28:15 Egz 39:8-21

28:21 Rev 7:4-8

28:30 Lev 8:8

28:30 Det 33:8

28:31 Egz 39:22-26

28:36 Egz 39:30,31

28:36 Za 14:20

28:38 Lev 22:27

28:39 Egz 39:27-29

28:40 Egz 28:4

28:41 Egz 29:7,9

28:42 Lev 6:10

28:43 Egz 20:26; Egz 27:21