7
Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe Jr 49:36kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk Rev 7:3so a Mat 16:16Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a. Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin Rev 7:3-8sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou Éz 9:4,6fon yo.” Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, Rev 14:1,3san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
Nan tribi Juda a, douz-mil te sele,
nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,
nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil,
nan tribi Manassé a, douz-mil,
nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil,
nan tribi Issacar a, douz-mil,
nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil,
nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.
Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan Rev 5:9tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e Rev 22:3devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: Sòm 3:8“Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
11 Konsa, tout zanj yo te kanpe Rev 4:4toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Rev 5:12Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an Rev 7:9vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”
Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan Eb 9:14san a Jèn Mouton an. 15 Pou rezon sa a, Rev 7:9yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an.
“Epi Rev 4:9Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo. 16  Sòm 121:5“Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè; 17 paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va Sòm 23:1bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e És 25:8Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”

7:1 Jr 49:36

7:2 Rev 7:3

7:2 Mat 16:16

7:3 Rev 7:3-8

7:3 Éz 9:4,6

7:4 Rev 14:1,3

7:9 Rev 5:9

7:9 Rev 22:3

7:10 Sòm 3:8

7:11 Rev 4:4

7:12 Rev 5:12

7:13 Rev 7:9

7:14 Eb 9:14

7:15 Rev 7:9

7:15 Rev 4:9

7:16 Sòm 121:5

7:17 Sòm 23:1

7:17 És 25:8