23
Yon sòm David
Bondye se Éz 34:11-13bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li Rev 7:17mennen m akote dlo pezib yo.
Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan Pwov 4:11 chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Mi 7:14 Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
Sòm 16:5 Tas mwen fin debòde nèt.
Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va Sòm 27:4-6viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.

23:1 Éz 34:11-13

23:2 Rev 7:17

23:3 Pwov 4:11

23:4 Mi 7:14

23:5 Sòm 16:5

23:6 Sòm 27:4-6