7
1 Malè a mwen menm! Paske mwen tankou
lè y ap ranmase fwi gran sezon,
tankou ti rès rezen apre yo fin retire diven.
Pa menm gen grap rezen pou manje,
ni yon ✡ És 28:4premye fwi fig etranje pou mwen ta anvi
goute.
2 Moun fidèl ✡ És 57:1 fin disparèt sou latè a,
e nanpwen moun dwat pami lòm.
Yo tout kouche an anbiskad pou ✡ És 59:7vèse san;
yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.
3 Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l ✡ Pwov 4:16,17 byen.
Prens lan mande e jij la prè pou yon ✡ Am 5:12glise anba tab.
Yon nonm pwisan an pale tout mechanste
ke nanm li bezwen.
Yo trese li fè l vin yon sèl.
4 Pi bon nan yo se pikan e pi dwat la se kloti zepin.
Jou gadyen ou yo, jou ✡ És 10:3vizitasyon ou an fin rive.
Koulye a se lè y ap ✡ És 22:5 boulvèse, egare nèt.
5 Pa ✡ Jr 9:4fè konfyans ak yon vwazen; pa fè
konfyans ak yon zanmi.
Ak fi la k ap kouche ak ou a,
gade pòt bouch ou!
6 Paske ✡ Mat 10:21,25fis la maltrete papa a san respè,
fi a leve kont manman li,
bèlfi a kont bèlmè li;
lènmi a yon nonm se anndan lakay li.
7 Men pou mwen menm,
mwen va ✡ Hab 2:1 tounen vè SENYÈ a.
Mwen va ✡ Sòm 130:5tann Bondye a sali mwen an;
Bondye mwen an va koute mwen.
8 ✡ Pwov 24:17Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen.
Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò;
malgre mwen chita nan tenèb, SENYÈ a
va yon ✡ És 9:2 limyè pou mwen.
9 Mwen va pote endiyasyon a SENYÈ a,
akoz mwen te peche kont Li,
jiskaske li rive li ✡ Jr 50:34plede ka mwen an
e egzekite jijman pou mwen.
Li va mennen m sòti nan plen limyè e
mwen va wè ladwati Li.
10 Answit, lènmi mwen an va wè sa e gwo wont va
kouvri fi ki te di m nan: “Kote SENYÈ
Bondye ou a?”
Zye m va gade fi a; epi nan lè sa a, li va
vin foule anba pye
tankou kras labou nan lari.✡ És 51:23
11 Se va yon jou pou ✡ És 54:11bati miray ou yo.
Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi.
12 Se va yon jou ke yo va ✡ És 19:23-25vin kote ou
soti Assyrie ak vil Égypte yo;
soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la,
menm soti nan lanmè, rive nan lanmè e
nan mòn rive nan mòn.
13 Malgre, latè va vin ✡ Jr 25:11dezole akoz sila k ap
viv ladann yo, akoz fwi a zak yo.
14 ✡ Sòm 95:7Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a,
bann mouton a eritaj Ou a, ki rete pou
kont li, nan forè nan mitan Carmel.
Kite yo manje nan Basan ak Galaad,
✡ Am 9:11 tankou nan ansyen tan an.
15 “Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi
Égypte la,
Mwen va montre ou ✡ Egz 3:20 Mirak.”
16 Nasyon yo ✡ És 26:11 va wè e yo va wont
de tout pwisans yo.
Yo va ✡ Mi 3:7mete men yo sou bouch yo;
zòrèy yo va vin soud.
17 Yo va niche pousyè tankou sèpan,
tankou bagay k ap ranpe sou latè,
yo va sòti ✡ Sòm 18:45 tou ap tranble nan sitadèl souteren yo.
Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak ✡ És 25:3gwo lakrent;
Konsa, yo va pè devan Ou.
18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki ✡ Egz 34:7,9 padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp li a?
Sila ki pa ✡ Sòm 103:8,9,13kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz li pran plezi nan bonte.
19 Li va gen konpasyon pou nou ankò;
✡ Jr 50:20Li va foule inikite nou yo anba pye L.
Wi, Ou va ✡ És 38:17 jete tout peche yo nan fon lanmè.
20 Ou va bay ✡ Jen 24:27verite a Jacob
e mizerikòd a Abraham,
tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo
depi nan jou ansyen yo.