5
Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël: Jr 7:29
Li fin tonbe, li p ap leve ankò—
Jr 14:17Vyèj Israël la.
Li kouche byen neglije sou tèren li;
És 51:18 Nanpwen moun ki pou leve l.
Paske, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Vil ki gen mil sòlda ki ale yo, va gen
És 6:13 san ki rete,
e sila ki gen san ki ale yo, va gen Am 6:9dis
ki rete pou lakay Israël.”
Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël:
Det 4:29“Chache Mwen És 55:3 pou nou ka viv.
Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal,
ni travèse Beer-Schéba.
Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite
e gwo twoub va rive Béthel. I Wa 12:28,29
És 55:3,6,7 Chache SENYÈ a pou nou ka viv,
sinon Li va eklate kon Det 4:24dife
nan lakay Joseph,
e li va devore san pa gen okenn moun
ki pou etenn li Béthel;
Nou menm ki fè Am 2:3jistis vin tounen lanvè,
e ki jete ladwati rive jis atè yo,
Chache Li ki te kreye Job 9:9 Pléiades ak Orion yo,
ki Job 12:22chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten,
ki etenn lajounen pou fè lannwit,
ki rele dlo lanmè yo e vide
sou sifas tè a;
SENYÈ a, se non L.
Se Li menm ki jayi ak destriksyon
sou moun pwisan yo,
jiskaske Mi 5:11 destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
10 Yo rayi sila k ap És 29:21reprimande nan pòtay la
ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
11 Konsa, akoz gwo frè lwaye nou enpoze
sou malere a,
ak gwo frè tarif sereyal nou egzije sou yo;
epi nou fin bati bèl Am 3:15kay ak wòch byen taye;
Alò, nou p ap rete ladan yo.
Nou fin plante bèl chan rezen yo, men nou
Mi 6:15 p ap bwè diven yo.
12 Paske Mwen konnen transgresyon nou yo
vin anpil e peche nou yo vin gran;
nou menm ki És 1:23boulvèse moun dwat yo,
ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo,
e ki detounen malere a nan pòtay la.
13 Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la
oblije rete an silans,
paske tan an vin plen ak mechanste. Ekl 3:7
14 Chache sa ki bon e pa sa ki mal, pou nou
ka viv;
epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,
jis jan nou te pale a! Mi 3:11
15 Rayi mal e renmen sa ki bon e
etabli jistis nan pòtay la!
Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo
ta kab fè gras a retay Joseph la.” Sòm 97:10
16 Alò, konsa pale SENYÈ Bondye
dèzame yo, Senyè a:
“Gen gwo lamantasyon tout kote
e nan lari a, y ap rele: ‘Elas! Elas!’
Yo rele kiltivatè a tou pou fè dèy
e yo peye moun ki pou fè lamantasyon. Jr 9:10,18-20
17 Epi nan És 16:10 tout chan rezen yo, gen gwo kri,
paske Mwen va pase nan mitan nou”,
di SENYÈ a.
18 Elas pou nou menm ki anvi wè És 5:19jou SENYÈ a,
ki bi jou sa a gen pou nou?
Li va yon jou Jl 2:2 tenèb olye de yon jou limyè;
19 Tankou lè yon nonm Job 20:24kouri kite yon lyon pou
rakontre yon lous,
oswa rive lakay li, apiye men l sou mi kay la
e yon koulèv vin mòde l.
20 Èske jou SENYÈ a p ap yon jou És 13:10 tenèb
olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
21 Mwen rayi, Mwen va És 1:11-16; Lev 26:31refize aksepte fèt nou yo,
ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile
ak ofrann sereyal,
Mwen p ap aksepte yo;
ni Mwen p ap menm gade Lev 7:11-15ofrann lapè a
bèt gra nou yo.
23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;
mwen p ap menm koute son a ap nou yo.
24 Men kite jistis desann tankou dlo e
ladwati tankou yon gwo larivyè ki
p ap janm seche.
25  Det 32:17 Èske nou te prezante ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël? 26 Anplis Trav 7:43 nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, zetwal dye ke nou te fè pou nou menm yo. 27 “Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.

5:1 Jr 7:29

5:2 Jr 14:17

5:2 És 51:18

5:3 És 6:13

5:3 Am 6:9

5:4 Det 4:29

5:4 És 55:3

5:5 I Wa 12:28,29

5:6 És 55:3,6,7

5:6 Det 4:24

5:7 Am 2:3

5:8 Job 9:9

5:8 Job 12:22

5:9 Mi 5:11

5:10 És 29:21

5:11 Am 3:15

5:11 Mi 6:15

5:12 És 1:23

5:13 Ekl 3:7

5:14 Mi 3:11

5:15 Sòm 97:10

5:16 Jr 9:10,18-20

5:17 És 16:10

5:18 És 5:19

5:18 Jl 2:2

5:19 Job 20:24

5:20 És 13:10

5:21 És 1:11-16; Lev 26:31

5:22 Lev 7:11-15

5:25 Det 32:17

5:26 Trav 7:43