9
O ke tèt mwen te dlo,
e ke zye m yo te yon fontèn dlo,
pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit
pou lanmò a Jr 6:26fi a pèp mwen an!
O ke m ta gen nan dezè a,
yon plas pou moun k ap vwayaje rete,
pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an.
Pou m kite yo nèt!
Paske yo tout se Jr 5:7-8adiltè, yon bann moun trèt.
“Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.
Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.
Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,
e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
“Fòk chak Sòm 12:2byen veye kont vwazen li,
pou l pa mete konfyans nan okenn frè;
akoz tout frè yo aji nan koken,
e tout vwazen yo ap voye kout lang.
Yo tout Mi 6:12pase vwazen parèy yo nan rizib.
Yo refize pale verite.
Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;
yo vin fatige nèt nan fè inikite.
Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.
Nan desepsyon yo Job 21:14-15refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e Os 11:8fè yo pase a leprèv;
paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?
Lang pa yo se yon flèch mòtèl;
li pale Sòm 28:3manti.
Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li,
men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a.
“Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
10 Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri
ak dèy pou patiraj dezè a,
gwo plent, akoz yo vin Jr 12:4-10brile nèt,
jiskaske pèsòn pa pase ladann.
Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò;
ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale;
yo ale nèt.
 
11 “Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi,
yon kote abandone pou chen mawon.
Mwen va fè vil Juda yo yon És 25:2kote ki kraze nèt,
san pèsòn pou rete ladan.”
12 Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? Sòm 107:34Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?
13 SENYÈ a di: “Akoz yo te II Kwo 7:19abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li, 14 men te Jr 7:24mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.” 15 Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va Sòm 80:5fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè. 16 Mwen va Lev 26:33gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”
17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Konsidere e rele II Kwo 35:25fanm pou fè dèy, pou yo ka vini.
Voye fanm instwi sa yo, pou yo ka vini!
18 Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou,
pou És 22:4zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka
fè dlo kouri desann.
19 Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion:
‘A la detwi nou vin detwi nèt!
Nou te vin mete nan gwo wont,
paske nou Det 28:29te kite peyi la,
akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’ ”
 
20 Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O És 32:9fanm yo.
Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li.
Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy.
Chak moun montre vwazen li yon chan lamante a.
21 Paske II Kwo 36:17lanmò fin antre nan fenèt nou nèt.
Li te antre nan palè nou yo
pou fèmen timoun yo andedan
ak jenn gason yo nan lari.
22 Pale, “Konsa di SENYÈ a,
“ ‘Kadav moun yo va tonbe tankou Sòm 83:10fimye bèt nan chan,
tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la.
Pèsòn p ap ranmase yo.’ ”
23 Konsa pale SENYÈ a:
Ekl 9:11“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24 Men kite sila ki Sòm 20:7vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke se Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
25 Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo Jr 4:4pa sikonsi— 26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se Lev 26ensikonsi nan kè.”

9:1 Jr 6:26

9:2 Jr 5:7-8

9:4 Sòm 12:2

9:5 Mi 6:12

9:6 Job 21:14-15

9:7 Os 11:8

9:8 Sòm 28:3

9:10 Jr 12:4-10

9:11 És 25:2

9:12 Sòm 107:34

9:13 II Kwo 7:19

9:14 Jr 7:24

9:15 Sòm 80:5

9:16 Lev 26:33

9:17 II Kwo 35:25

9:18 És 22:4

9:19 Det 28:29

9:20 És 32:9

9:21 II Kwo 36:17

9:22 Sòm 83:10

9:23 Ekl 9:11

9:24 Sòm 20:7

9:25 Jr 4:4

9:26 Lev 26