8
“Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va Éz 6:5mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo. Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout II Wa 23:5lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè. Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se Job 3:21-22lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo. “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a,
“ ‘Èske moun konn Pwov 24:16tonbe pou l pa leve ankò?
Èske moun konn vire kite pou l pa retounen
Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te Jr 5:6vire akote nan enfidelite san rete a?
Yo kenbe rèd a desepsyon.
Yo refize retounen.
Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat;
Éz 22:30okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di:
‘Kisa mwen te fè la a?’
Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo,
tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.
Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li.
Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo;
men Pwov 6:6-8pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.
 
Job 5:12-13“ ‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’,
epi lalwa SENYÈ a avèk nou?”
Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.
Mesye saj yo És 19:11vin wont, yo vin deranje e sezi.
Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la.
Ki kalite sajès ka rete nan yo?
10 Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun,
ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo.
Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an,
yo tout És 56:11lanvi gen sa ki pou lòt.
Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.
11 Yo Jr 6:4fè gerizon pèp Mwen an ak pansma lejè.
Y ap di: “Lapè, lapè,” men nanpwen lapè.
12 Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo?
Anverite, yo pa t wont.
Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont.
Akoz sa, yo va És 9:14tonbe pami sila k ap tonbe yo.
Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.
 
13  Jr 14:12“ ‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a.
P ap gen rezen sou chan rezen an,
ni fig sou pye figye etranje a.
Fèy yo va fennen,
epi sa ke M te bay yo va disparèt.’ ”
 
14 “Poukisa nou chita an plas?
Rasanble nou!
Annou antre nan vil fòtifye yo,
epi la, annou rete an silans;
paske SENYÈ a, Bondye nou an,
te fè nou tonbe an silans.
Li te bannou Det 29:18dlo anpwazone pou nou bwè,
paske nou te peche kont SENYÈ a.
15 Nou Jr 8:11te tann lapè, men anyen bon pa t vini;
yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.
16 Soti nan Dan te tande gwo souf cheval.
Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke;
paske yo te vini Jr 3:24devore peyi a ak tout ki sa ki ladann,
vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.
17 “Paske gade byen, Mwen ap Nonb 21:6voye sèpan yo kont nou,
vipè yo ki p ap ka chame;
e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.
18 Tristès Mwen depase gerizon;
Jr 23:9kè M fennen anndan m!
19 Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an
soti nan yon peyi byen lwen:
“Èske SENYÈ a pa nan Sion?
Èske wa li a pa nan li?”
 
“Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo;
ak Sòm 31:6zidòl etranje yo?”
 
20 “Rekòlt la fin pase.
Gran sezon an fini,
e nou poko sove.”
 
21 Akoz fi a pèp mwen an brize,
mwen menm brize tou;
mwen fè dèy konsi pou yon mò.
Mwen kraze ba nèt.
22 Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad?
Èske nanpwen doktè la?
Alò Jr 14:19poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?

8:1 Éz 6:5

8:2 II Wa 23:5

8:3 Job 3:21-22

8:4 Pwov 24:16

8:5 Jr 5:6

8:6 Éz 22:30

8:7 Pwov 6:6-8

8:8 Job 5:12-13

8:9 És 19:11

8:10 És 56:11

8:11 Jr 6:4

8:12 És 9:14

8:13 Jr 14:12

8:14 Det 29:18

8:15 Jr 8:11

8:16 Jr 3:24

8:17 Nonb 21:6

8:18 Jr 23:9

8:19 Sòm 31:6

8:22 Jr 14:19